Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Sektè fanm nan chwazi Marie Rébecca Guillaume pou reprezante l nan KEP a

Mag Haiti by Mag Haiti
August 28, 2024
in Politique
0
Sektè fanm nan chwazi Marie Rébecca Guillaume pou reprezante l nan KEP a

Aprè tout pale anpil eleksyon ki te fèt nan dat 23 jiyè 2024 la e ki te bout ak Yves Marie Édouard la, finalman sektè fanm nan anonse yon lòt moun ki pra l gen pou reprezante yo nan KEP a.

Divès òganizasyon fanm tankou Kay fanm, Solidarite Fanm Ayisyen (Sofa), Kri fanm Ayiti (Krifa), Fondasyon Toya ak Federasyon Òganizasyon Fanm pou Egalite Dwa Moun (Fedofedh), anonse jounen mèkredi 28 dawout 2024 la, se Marie Rébecca Guillaume ki pral reprezante yo. Desizyon sa vini aprè eleksyon yo te fè lendi ki te 26 dawout la, kote madanm Guillaume jwenn 5 vòt devan Ercarma Joassaint ki li menm fè 4 vòt. Epitou genyen 3 lòt kandida youn ladan yo fè yon vòt epi lòt 2 yo pa t genyen ditou.

Nan pwozesis pou te mennen ak eleksyon sa te genyen 5 kandida ak 116 òganizasyon. Pami 116 òganizasyon sa yo, genyen 82 ladan yo ki te respekte dat pou enskri yo epi rès 43 yo te fè demach yo aprè dat ki te bay pou sa.

Daprè reprezantan Kay fanm nan, Daniel Magloire, genyen sèlman 22 òganizasyon ki te apwouve pou patisipe nan eleksyon yo.

O total se 14 òganizasyon ki te vote nan eleksyon sa. 12 pami yo te vote anliy pwiske pwosesis la te fèt sou entènèt ak an prezans. Selon feminis lan, gen youn nan òganizasyon ki te valide yo ki pa t patisipe nan eleksyon yo. Daprè li menm se akoz estrikti a te vini aprè vòt yo e nan moman yo te fin siyen.

Daniel Magloire soulinye seyans lan te dewoule anba kontwòl prezidan Asosyasyon Bawo Pòtoprens lan, Me Patrick Pierre-Louis. Pandantan sa, li fè konnen komite a te sibi anpil presyon pandan pwosesis lan. E li fè kwè òganizatè yo kwè se akoz kritè yo te mete pou sa yo te gen presyon an.

N ap raple, eleksyon divès òganizasyon fanm te jije fèt nan magouy la, se òganizasyon Dyalòg Entèfanm (DIFE) Pedrica Saint-Jean ap dirije ki te òganize l. Se nan eleksyon sa Yves Marie Édouard te sòti kòm reprezantan sektè fanm yo nan KEP a.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 835
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Fondasyon Zanmi Timoun denonse jan otorite dominiken yo depòte timoun yo nan Beladè

Next Post

Lapolis nan Sidès arete yon endividi manm yon rezo trafik zam ak bal

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Lapolis nan Sidès arete yon endividi manm yon rezo trafik zam ak bal

Lapolis nan Sidès arete yon endividi manm yon rezo trafik zam ak bal

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,923)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (40,012)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,195)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,928)

Nouveaux Articles

  • MJSAC denonse konpòtman ajan ULCC yo te genyen anvè anplwaye li yo
  • Saison cyclonique 2025 : la Protection civile en tournée stratégique dans le Grand Sud
  • Anketè ULCC yo jwenn plis pase yon milyon goud sere nan Ministè lajenès Espò ak Aksyon Sivik

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?