Nan yon nòt ki pibliye nan dat madi 10 janvye 2023 a, sekretè adjwen nan Sena a mande pou tout ansyen senatè nan 50èm lejislati a pote tounen tout materyèl ki te nan men yo pandan egzèsis fonksyon yo. Senatè sa yo dwe fè sa nan yon tan byen kout ki se vandredi 13 Janvye 2023.
Selon sa Direksyon resous materyèl ak lojistik Sena a fè konnen: «Nan sousi pou fasilite pwosesis la, n ap tann yo pote yo tounen jiska vandredi 13 janvye 2023. Anplis, n ap mete mesajè ak chofè nan dispozisyon yo.»
Paralèlman, depi jou sa depase « Nou pral pran tout dispozisyon ki posib pou nou rekipere materyèl yo ki se byen ak pwopriyete Sena repiblik la.»
N ap raple depi aprè 2èm semèn lendi 9 janvye 2023 a, peyi Dayiti pa gen okenn eli nan tèt li, se yon peyi k ap fonksyone san palmantè ni prezidan ni majistra epi delege nan tèt li. Kidonk, l ap dirije nan yon vid demokratik.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023