Nan yon diskou sekretè jeneral Nasyonzini an Antonio Gutteres fè kèk tan avan jounen mondyal dwa fanm yo, li fè konnen se nan 300 zan medam yo petèt ap ka peze nan menm balans ak gason. Pou apiye pawòl sila, Gutteres pran egzanp sou dwa medam yo ki pa sispann vyole nan tout domèn nan mond lan, selon kèk medya entènasyonal.
Selon sa diplomat la di, nan tout mond lan yo pa sispann malmennen, vyole, epi menase dwa fanm yo. Nan rezon li site yo, li prezante fanm yo tankou moun yo pa sispann diskriminen nan plizyè domèn tankou, entèlijans atifisyèl, lasyans kote pa gen anpil fi k ap travay nan sektè a.
“Egalite sèks(gason/fi) ap fè bak pi plis. Nan jan l prale la òganizasyon ONU fanm yo prevwa sa ka fèt nan 300 zan”.
“Pandan teknoloji a ap fè chimen l, yo kite fanm yo ak tifi yo nan yon bò. Entèlijans atifisyèl la mete valè nan fiti mond nou an, nou espere l pap transfòme l sou baz seksis selman“, daprè Antonio Gutteres ki denonse fason pwogrè ki te fèt yo ap disparèt devan je tout moun.
Toujou nan sa l t ap di yo nan diskisyon ki tanmen pou 2 semèn ant moun ki fè pati Komisyon Kondisyon Fanm(CSW) yo, chèf Nasyonzini an site plizyè peyi kote dwa tifi pa respekte, yo paka ale lekòl, anplis gen kote dwa pou fanm pa deside fè pitit ap diminye, selon Les Echos.
Nan yon lòt bò, li pale tou sou dwa seksyèl fanm ki diminye kèk kote. Malgre li pa site peyi Dayiti nan diskou l la, men pa rapò ak vyolans gang yo ki enstale sou tout teritwa a, tout moun ka wè a klè kijan dwa sitwayèn nou yo bafwe.
Fanm, madan sara yo, tifi yo pa sispann sibi zak kidnapin, move trètman ak vyòl kolektif nan men prezime bandi ki kontwole Repiblik la.
Aprè tout konsta sa yo, ak tout denonsiyasyon sa yo, Antonio Gutteres panse l t ap bon si ta gen aksyon ki rive fèt pou anpeche dwa fanm yo sispann pase anba pye. Pou sa li pwopoze pou ta gen plis jefò ki fèt pou fanm yo ka jwenn opòtinite pou yo edike, pou jwenn travay epi kreye espas pou yo nan sektè technoloji a ak lasyans. Nan konsa, diplomat la kwè ap gen egalite ant fanm ak gason si aksyon sa yo rive poze tout bon vre.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post