Nouvo sekretè deta ameriken a Marco Rubio ki an vizit Repiblik Dominikèn deklare solisyon Ayiti se nan men pèp li a ak elit li yo li ye. Li fè deklarasyon sa nan yon konferans pou laprès jodi jedi 6 fevriye 2025 lan.
Sitwayen ameriken an, Marco Rubio nan pawòl li yo fè konnen kominote entènasyonal la pa ka fè kòmsi yo pa wè kriz sosyopolitik Ayiti ap travèse a. Li pwofite tou pou l di peyi li a rete angaje pou l sipòte e jwenn yon solisyon pou estabilize nasyon ayisyèn nan.
Nan konferans pou laprès sa li te fè ak chèf leta Repiblik Dominikèn nan, Luis Abinader, Marco Rubio te pale tou sou solisyon ak kriz Ayiti a. Daprè sa l di, li dwe sòti nan men pèp ayisyen an menm. Epi Etazini li menm ap kontinye kolabore ak misyon entènasyonal ki deplwaye a.
Li fè konprann li pa chanje kan, paske li presize pozisyon sa li te toujou genyen l depi lè l te senatè. Nan sans sa, li pote yon demanti ak enfòmasyon ki te fè kwè gen yon chanjman nan pozisyon gouvènman ameriken an sou Ayiti. Se nan lide sa, li asire kolaborasyon ak misyon entènasyonal la ap kontinye.
«Depi semèn pase a mwen te siyen pèmisyon pou m kontinye èd nou nan misyon sa a. Jis jodi a mwen te pale ak prezidan Kenya a pou ranfòse angajman sa a», se sa l te di nan mikwo laprès.
Sekretè deta a soulinye gouvènman ameriken an aksepte pran lòd pou bloke kèk pwogram. Men, nan ka pa Ayiti a se yon pwoblèm ki dwe rezoud pou rejyon an kapab jwenn tout trankilite l. Pou li menm, pasifye nasyon sa se premye etap nan direksyon pou desann ekonomi peyi a, puiske li di : «Depi sitiyasyon an rive estab n ap kapab wè avni Ayiti ak opòtinite pou devlope endistri ak kreye travay.
Crédito de la foto: Presidencia de la Republica Dominicana
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025