Jounalis medya anliy Vant Bèf enfo ( VBI), Ruben Dumont, mouri nan jounen vamdredi 18 mas 2023 a, nan peyi Etazini.
Plizyè enfòmasyon ta fè kwè Jounalis Ruben Dumont, te kite peyi a an desanm ki sot pase la pou li t al viv Etazini akoz pwoblèm sante li te genyen.
Aprè li te rive, li ta pral fè plizyè operasyon pou li te wè si li te ka retabli nan nòmal li, poutan se pi grav li t ap vin pi grav toujou.
Nan moman n ap ekri an, nouvèl sa vrèman sakaje kòlèg li ak rezo sosyal yo. Anplis, li te jounalis Radyo Televizyon Nasyonal Dayiti ( RTNH) tou.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023
Discussion about this post