Nan yon rapò yo pibliye jodi vandredi 4 oktòb 2024 la, Rezo Nasyonal Pou Defann Dwa Moun yo (RNDDH) mande pou otorite nan leta yo trase yon egzanp ak gang ki fè masak nan vil Ponsonde a. Se pou sa, yo mande pou leta kapab mete kèk pwogram sikolojik sou pye nan zòn sa a yon fason pou asiste popilasyon an ki viktim anpil.
«RNDDH mande pou otorite yo nan leta a chache san pran souf bandi ak zam ki manm gwoup gang baz gran grif la ki sou kontwòl Luckson Elan, sitou Ti Pay ki ede nan masak sa», daprè sa nou li nan rapò a. Pi lwen yo mande pou lajistis arete tout otè zak sa.
Nan sa ki gen pou wè ak viktim masak sa ki fèt nan Ponsonde ayè jedi 3 oktòb la, enstans k ap defann dwa moun yo fè konnen gen plis pase 70 moun ki mouri ladan yo gen ti bebe, timoun, fanm ansent ak granmoun. Pou sila yo ki blese yo menm, yo mansyone gen plizyè lòt disparèt pandan gen plizyè blese ak bal, kote gen 23 abitan ki deja ap pran swen lopital Sen Nikola nan Senmak.
«Nan pale RNDDH fè ak doktè Frantz Alexis ki se direktè medikal lopital Sen Nikola afime nou yo pran ka 23 pasyan ki te blese ak bal deja. 8 nan yo te sibi operasyon san pèdi tan. Jodi a genyen 13 lòt yo kenbe, anplis sa gen 5 moun yo menm ki te mouri avan menm yo te mennen yo lopital la», selon tout detay òganis dwa moun nan bay.
Yo soulinye nouvo vag vyolans sa ki fèt nan depatman Latibonit lan, lakoz plizyè fanmi kouri kite kay yo pou al viv sou plas piblik Filip Geryè a. Sa pase konsa, se paske yo di gang yo boule plizyè kay, machin, ak gerit ki gen nan Ponsonde.
Nan sans sa, nan lide pou ede moun sa yo ki viv atak sa e ki pèdi moun yo ak tout sa yo te posede, RNDDH mande pou otorite yo mete kanpe kèk pwogram sikolojik. Selon yo menm sa ap ka ede moun yo kontinye viv nan sa yo ye jounen jodi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024