Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

RNDDH mande laprimati ak manm Konsèy la sispann touche lajan sèvis entelijans peyi a

Mag Haiti by Mag Haiti
October 4, 2024
in Politique
0
RNDDH mande laprimati ak manm Konsèy la sispann touche lajan sèvis entelijans peyi a

Rezo Nasyonal Pou Defann Dwa Moun nan (RNDDH) mande pi wo nan leta yo pou refize lajan y ap touche ki la pou sèvis entelijans peyi a. Òganis la fè demann sa nan nouvo rapò li pibliye jodi vandredi 4 oktòb 2024 la, sou bilan moun ki viktim nan masak Ponsonde a.

Selon sa yo fè konprann, lajan sa lokatè primati a ak tout manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ap touche a pa itil peyi a anyen. Puiske, yo soulinye sèvis entelijans peyi a pa gen okenn amelyorasyon ladan l paske lajan sa yo pa itilize pou fè travay la vre.

«RNDDH kwè si lajan ki nan sèvis entelijans diferan estrikti etatik nou site la yo te byen itilize, nou te ka evite masak Ponsonde a. Paske te gen rimè ki t ap kouri sou planifikasyon masak sa depi plis pase 2 mwa», se pozisyon enstans k ap defann dwa moun nan.

Sou pwen sa, yo denonse otorite nan leta yo ki neglije sèvis entelijans lapolis la ki daprè yo, sèlman 3 milyon goud. Tandiske, konseye yo yo menm ansanm ak 2 manm obsèvatè yo yo chak ap touche 5 milyon goud.

Nan sans sa, RNDDH deklare li lè li tan pou enstans tankou laprimati epi Ministè Jistis ak Sekirite Piblik sispann ak ekri nòt chak lè pou kondane vyolans gang yo nan peyi a. Paske yo di yo rete kwè se pa plede sòti nòt pou denonse zak bandi yo ki pral fè sekirite tabli kò li nan peyi a.

«RNDDH rekòmande KPT a ak laprimati pou renonse ak kòb yo ba yo pou sèvis entelijans yo ki pa vo anyen an pou yo bay enstitisyon polisyè a li pito», se sa estrikti k ap defann dwa moun nan mande ki pou fèt.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 685
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Anbasad Etazini an Ayiti di li kondane atak gang yo fè nan Ponsonde a

Next Post

Éditorial : plus de 70 morts dans le massacre de Pont-Sondé, Normil Rameau et Garry Conille jugés coupables

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post

Éditorial : plus de 70 morts dans le massacre de Pont-Sondé, Normil Rameau et Garry Conille jugés coupables

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,364)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,877)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,983)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,785)

Nouveaux Articles

  • Haïti bénéficiera 283 millions de dollars venant de la Banque interaméricaine de développement
  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?