Nan yon kominike yo pibliye jodi lendi 17 mas 2025 lan, Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa moun yo (RNDDH) kondane atak bandi fè sou 3 medya nan kapital la. Se sa ki fè, yo mande pou otorite yo respekte pwomès yo nan lide pou bay popilasyon an bon jan sekirite.
«RNDDH kondane atak sa yo e fè remake sa ki fenk sot fèt yo fèt nan kèk jou sèlman epi byen fasil. Sa ki pwouve nan yon bò teyoris Viv ansanm yo pap kanpe la, e yon lòt bò otorite tranzisyon yo pa gen lide fè anyen pou anpeche òganizasyon sa a kontinye aktivite kriminèl yo ap fè yo», daprè sa yo soulinye nan dokiman 2 paj sa a.
Pandan òganis la konsidere mwayen Lame Ayiti (FAD’H) ak Misyon Soutyen ak Sekirite a (MMS) pa sifi, li fè konprann yo menm ansanm ak lapolis la sanble pa ka fè anyen kont menas bandi yo. Se pou sa, yo site kèk lòt feblès tankou polisye yo akize ki nan gang yo, men ki toujou nan pòs yo.
«Si otorite tranzisyon yo pa pran okenn mezi prese prese pou frennen laterè gang yo, rès depatman Lwès la ap tonbe anba men gang yo kote san pral koule yon fason pyès moun potko janm wè», se avètisman sa RNDDH fè menm jan li pèsiste pou otorite yo tabli sekirite nan peyi a.
Fòk nou di, nan kominike sa òganis la mansyone tout medya ki swa boule, piye ak pwofesyonèl laprès bandi te kidnape, blese osnon touye. Pami medya sa yo nou jwenn Le Nouvelliste, Radio Televizyon Karayib (RTVC), Mélodie FM, Tele Pluriel ak plizyè jounalis tankou Marckenzy Natoux ak Jimmy Jean ki mouri nan atak bandi te fè lopital jeneral 24 desanm 2024 la. Se nan menm moman sa tou 7 lòt jounalis te sòti blese.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025