Aprè tout chif yo bay sou 3 dènye masak popilasyon an sibi anba men nèg ak zam yo, Rezo Nasyonal k ap Defann Dwa Moun yo (RNDDH) denonse chèf CSPN yo ki pa janm fè anyen pou fini ak ensekirite a nan peyi a. Selon òganizasyon an, otorite sa yo pa montre okenn volonte pou rezoud pwoblèm sekirite a.
«Depi lè l nan pòs premye minis lan, Prezidan Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la (CSPN), Alix Didier Fils-Aimé se sèl pwomès rezoud pwoblèm ensekirite a l ap fè». Pi devan, RNDDH lonje dwèt sou minis jistis la, Patrick Pelissier, vis prezidan CSPN, ki li menm pran plezi nan tann atak pou plede sòti nòt kondanasyon. Epi genyen minis enteryè a, Paul Antoine Bien-aimé antanke 2yèm vis prezidan Konsèy la, ki disparèt nèt selon sa ki ekri nan rapò a.
Pou sa ki gen pou wè ak direktè jeneral lapolis la, Rameau Normil ki se sekretè egzekitif konsèy la, RNDDH kritik estrateji li yo.
«Estrateji enstitisyon polisyè a mete sou pye a paka rezoud gwo pwoblèm n ap fè fas ak li a», se sa nou li nan dokiman sa a. Anplis sa, òganizasyon dwa moun nan deklare lame a yo mete l sou kote nèt pandan li pa menm gen mwayen. Tandiske, yo di Misyon Miltinasyonal Soutyen ak Sekirite a (MMAS) li menm poko fè anyen serye pou popilasyon an k ap soufri a.
Pou sa ki gen pou wè ak manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), RNDDH pa mete dlo nan bouch li pou kritike yo tou. E nan dokiman an, yo menm akize yo kòm moun ki responsab masak sa yo sou popilasyon an.
«Pandantan sa, manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon yo (KPT) depi 8 mwa pa sispann gaspiye lajan leta, y ap viv alèz epi y ap foure nan pòch yo lajan ransèyman an. Chak yo rete pou woule pèp la nan farin nan plede kondane yo menm tou atak ame yo». Yo kontinye pou di : «RNDDH pap sispann fè otorite yo nan tranzisyon an konnen se yo menm ki responsab masak sa yo k ap fèt chak jou sou popilasyon an».
Nan sans sa, òganis sa k ap defann dwa moun yo mande tout otorite yo pou sipòte popilasyon an nan ba yo lajan, swen medikal sitou sikolojik. Yo mande pou lapè ak sekirite tabli kò yo nan depatman Lwès la, arestasyon, jijman epi kondanasyon bandi yo pou tout krim yo fè sosyete a. Epi pou fini, yo mande manm KPT yo pou refize lajan entelijans lan, se youn nan fason daprè yo ki ap kapab ede lapolis ak lame ayisyen an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025