Eric Jean-Baptiste ki se PDG Pè Letènèl Loto ak prezidan RDNP (Rassemblement des démocrates nationaux progressistes) tonbe anba bal bandi nan Laboul ayè nan lannuit vandredi 28 oktòb la. Selon enfòmasyon yo viktim nan te sou wout pou li ale lakay li nan zòn Taraz.
Eric Jean-Baptiste se yon antreprenè 52 lane. Li se otè liv “La terre Natale en terre promise“. Yèswa moun yo pa rive idantifye tire sou machin li sa ki lakoz PDG Pè Letènèl Loto a ak yon ajan sekirite li mouri. Malgre yo te gentan kouri lopital ak Eric Jean-Baptiste ki te gen ti souf, sa pat anpeche li ale nan peyi san chapo.
Selon sa fanmi viktim nan ta fè konnen, Eric Jean-Baptiste te sou yon machin ki blennde nan nivo 4. Se paske endividi ame yo itilize gwo zam ki fè moun ki anndan machin nan rive pran bal jouskaske yo mouri.
N ap raple antreprenè sa a ki genyen fondasyon ki pote non li, se yon ansyen kandida pou pòs prezidan. Nan lane 2018, Eric Jean-Baptiste te sibi yon atak ame nan komin Kafou kote li te pran yon bal nan ponyèt.
Jounen jodi a, zòn Laboule ki te pèzib lontan, repite pou move zak k ap pase ladan l. Se katye jeneral yon chèf gang ki rele Ti makak ki te patisipe nan asasinay ansyen senatè Yvon Buissereth ak tout chofè li nan mwa out pase a toujou nan Laboule.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022