3 pami jounalis ki t al pran swen Kiba 29 janvye 2025 pase a nan gwo difikilte pou kontinye suiv tretman yo a nan peyi sa aktyèlman. Nan sans sa a, jounalis sa yo ki te viktim 24 desanm 2024 la nan atak gang yo te fè sou lopital jeneral la mande pou otorite yo ede yo kote yo ye a.
Nan yon entèvyou li bay Mag Haïti jodi jedi 20 fevriye 2025 lan, Jocelyn Justin, youn nan jounalis yo, mande otorite yo nan leta a pou kontinye kenbe angajman yo anvè jounalis ki te viktim yo.
Jounalis ki oblije pran mikwo laprès, di se akoz responsab lopital kote yo t ap pran swen Kiba a enfòme yo yo dwe kite lopital la prese prese. Alòske, li menm li soulinye operasyon li gen pou l sibi an pwograme nan 6 mwa ankò.
Nan yon premye tan, mesyedam yo te konn jwenn swen nòmalman nan men pèsonèl sante kote yo ye a. Men, kounye a sanble tout bagay pral chanje, puiske chèf sèvis lopital la, doktè Raphaël mande yo kite espas la. Daprè sa Jocelyn di nou, responsab yo fè yo konnen misyon yo rive nan bout li.
Pandan y ap kontinye chache sipò leta ayisyen an, yo pwofite denonse fason reprezantan minis jistis lan, Nadine Saintilma pa pase gade nan ki kondisyon yo ye ankò. Travayè laprès yo deklare nan moman sa menm yo lage sou lakou lopital la ak malèt yo nan men yo. Se poutèt sa, yo mande gouvènman an pou asiste yo.
Pwofesyonèl yo pa kache di kòman yo ap viv nan move sitiyasyon. Li kontinye pou di : « Nou mande responsab yo nan lopital la pou yo kontakte manm gouvènman ayisyen an paske se yo ki te regle pwosesis pou nou te ale Kiba a». Poutan, gwo tèt nan lopital sa a, selon mesye Justin, rive derefize fè sa, paske yo estime se jounalis yo ki pou fè demach yo pito.
Se yon sitiyasyon ki lage anpil enkyetid lakay jounalis yo ki lage san pèson Kiba, pandan yo pa t menm otorize yo ale ak yon pwòch. N ap soulinye non 3 jounalis ki kiba yo se Velondie Miracle, Desronviles Florise ak Jocelyn Justin. Fòk nou di, Florise li menm deja sibi operasyon pa l la, Velondie li menm bal li a rive sòti.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025