Nan kad reyinyon ijans ki te fèt nan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ayè madi 8 oktòb 2024 la, Reprezantan pèmanan Ayiti a, Gandy Thomas fè konnen politik depòtasyon gouvènman dominiken an ap fè a se pou diskriminen Ayisyen menm. Se sa k fè li mande pou kominote entènasyonal la rekonèt sa paske li kwè se yon zak imoral ki pa chita sou okenn prensip dwa entènasyonal yo.
« Kominote entènasyonal la ak tout OEA dwe rekonèt politik depòtasyon sa pou sa li ye tout bon an. Se yon kanpay diskriminatwa ki sible ayisyen yo pou nasyonalite yo ak koulè po yo », se deklarasyon sa Gandy Thomas fè nan reyinyon sa a. Li fè konnen tou zak sa inakseptab e li vyole tout akò entènasyonal ki te siyen yo pami yo konvansyon 1951 an, epi konvansyon amerikèn dwa moun nan.
Pi lwen, diplomat la fè kwè politik depòtasyon pa pil ak pakèt sa fè gen gwo presyon sou Ayiti nan moman kriz ensekirite ak pwoblèm politik yo. E li mansyone konsekans yo pap bon ditou pou peyi a keseswa sou pwen imanitè oubyen nan enfraestrikti yo.
«Paske yo sible endividi yo sèlman akoz eritaj ayisyen yo genyen, e menm nan ka kote yo benefisye rezidans legal la oubyen gen sitwayènte dominikèn. Sa yo se yon estrateji pou elimine etnik sa. Yon pratik ki pa gen plas li nan mond lan », se ak pawòl sa yo reprezantan Ayiti a t ap denonse gouvènman dominiken an pou vye pil depòtasyon kont Ayisyen yo.
Pou fini, Gandy Thomas mande otorite dominikèn yo respekte akò ki te siyen sou dosye migrasyon ak dwe migran yo epi pou rekonèt travayè ayisyen yo ki kontribye anpil nan ekonomi yo a. Mete sou sa, li mande tou pou Komisyon Entè-Amerikèn dwa moun pou voye je epi pibliye yon kominike sou sitiyasyon migran ayisyen yo an Repiblik Dominikèn.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024