113 moun mouri, pami yo yon medsen ayisyen, epi 155 lòt twouve yo lopital aprè disko Jet Set la te fin kraze epi tonbe an Repiblik Dominikèn byen bonè madi 8 avril 2025 lan. Selon medya dominiken yo tout dekonm disko sa te tonbe sou anviwon 300 moun ki te nan espas sa a. Pami viktim yo nou jwenn Ayisyen Wisnord Denaud ak plizyè gwo tèt tankou gouvènè vil Monte Cristi a, Nelsy Cruz, chantè merengue ki t ap òganize fèt la, Rubby Pérez, 2 ansyen jwè bezbòl Tony Blanco ak Octavio Dotel epi plizyè gwo moun nan bank popilè dominiken an.
«Direktè Sant Operasyon Ijans lan, Juan Manuel Méndez rapòte yon chif preliminè kote gen 113 moun ki mouri. E li di tou gen 155 moun ki transfere lopital», daprè sa jounal Listín Diario fè konnen nan yon atik yo pibliye jodi mèkredi 9 avril 2025 lan.
Selon jounal la men divès gwo tèt ki mouri nan dram sa a : gouvène Nelsy Cruz, chantè Rubby Pérez, jwè Tony Blanco ak Octavio Dotel, prezidan AFP Popular la, Eduardo Grullón ak madanm li Johanna Rodríguez de Grullón, chèf pwojè Wik Banco Digital Dominico a, Alexandra Grullón ak mari l, Eduardo Guarionex Estrella Cruz, ki se pitit minis travo piblik dominiken an, Eduardo Estrella, ak Stephanie Avendaño Patricio.
Yon lòt kote, Ministè Lasante Sendomeng te pataje ayè madi a yon lis 36 lòt moun yo konfime ki mouri. Pami moun sa yo nou jwenn non Wisnord Denaud ki se yon medsen Ayisyen. Pandantan sa, gen divès lòt fanmi ki rete ap tann nouvèl pwòch yo ki te anndan disko a nan moman fèt sa ki tounen yon moman tristès la.
Pou sa ki gen pou wè ak siy yo, plizyè temwen deklare nan jounal dominiken yo te gentan gen ti pousyè ak wòch ki t ap tonbe avan zak la. Se sa ki fè, youn nan patisipan yo, Cecilia Domínguez ak tout pitit li te rive sove lavi yo puiske yo deklare kèk tan avan do Jet Set la te tonbe a te gen ti sab ki te tonbe nan vè yo t ap bwè ki te sou tab kote yo te ye a.
Jiskounye a, sa ki pase nan disko Jet Set la se 2yèm pi gwo trajedi nan tout mond lan daprè Ajans près EFE. E li se pi gwo dram ki pase Repiblik Dominikèn. An konsekans, prezidan dominiken an, Luis Abinader ki te ale nan espas la ayè madi a te deside dekrete 3 jou dèy nasyonal. Se yon fason pou rann omaj ak chak grenn viktim.
N ap fè konnen, Jet Set se youn nan klèb moun plis ale ladan l an Repiblik Dominikèn sitou chak lendi nan sware. E se ladan l tou, gwoup Zafem te fè gran sòti yo nan peyi sa nan dat ki te 13 dawout 2023 a. Fòk nou di, pou kounye a sekouris yo ap kontinye fè rechèch nan tèt kole ak otorite yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025