Malgre premye minis Ariel Henry te pwomèt gaz la ap disponib nan tout ponp yo aprè l te finn deside monte pri gaz la, lane chanje men gaz la toujou pa disponib. Poutan, nan mache enfòmèl la gaz la pa sispann vann bò lari a, menm douvan ponp yo.
“Nou vle gaz la disponib tout tan nan ponp yo, nan tout peyi a, n ap travay sou sa epi nan yon ti tan ki pa twò lwen nou ta dwe rekòmanse jwenn gaz la regilyèman” se sa premye minis lan te deklare nan yon adrès pou nasyon an jou ki te 11 septanm 2022 a, Pawòl sa yo ki kontrè pa rapò ak jan sitiyasyon an ye jounen jodi a.
Pandan tout premye semèn mwa janvye 2023 a se toujou menm remak yo nan zòn metwopolitèn lan. Anpil nan ponp yo fèmen, sila yo ki louvri pa gen gazolin, kèk nan ra ponp ki gen gazolin ki disponib yo se nan gwo goumen pou moun yo jwenn produi sa a, alòske bò lari a tou patou kote w pase pa manke machan k ap vann galon gaz la 1000gds.
Daprè sa yon sitwayen ki gen moto prive li eksplike nou menm jan ak anpil lòt moun ki gen machin, li konsidere l vinn nòmal pou yo achte nan mache enfòmèl la, daprè sa li di nou, se pou evite l al pran liy nan solèy cho, ki fè li prefere achte nan men sila k ap vann bò lari a pito.
” Mwen fè gaz, men se pa nan ponp, mwen achte atè paske gen anpil bourara nan ponp yo “, se sa Jan fè nou konnen.
Pou sa ki gen pou wè ak pri gaz la, nan ponp yo li fikse nan tarif 570 goud alòske nan mache enfòmèl la li vann 1000goud. Pandantan sa, malgre rate ki genyen nan ponp yo daprè dènye chif Tèminal vare pibliye sou kont Twitè li, yo fè konnen genyen antou 112 kamyon sitèn ki te plen ak 390,150 galon Dizèl, epi 503,100 galon gazolin ayè lendi 9 janvye 2023 a.
Pou kounya a, pèsonn pa konn kilè ap gen bon jan estabilite nan kesyon gaz nan tout ponp yo. Men sa ki parèt klè pou tout moun jounen jodi a, se dèske okenn otorite pa janm chache rezoud problèm sa ki vinn nòmal nan je kèk moun nan sosyete nou an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023