Ministè Lakilti ak Kominikasyon (MCC) anonse jodi madi 4 desanm 2024 la pratik tradisyonèl pwodiksyon ak konsomasyon Kasav ayisyen an enskri nan lis reprezantatif Patrimwàn Kiltirèl Imateryèl imanite. Yo soulinye sa rive fèt nan okazyon 19yèm sesyon komite entègouvènmantal pou kenbe Patrimwàn Kiltirèl Imateryèl ki ap fèt aktyèlman nan Paragwey.
«Enskripsyon sa se rezilta travay kolaborasyon ant Kiba, Ondiras, Repiblik Dominikèn, Venezwela ak Ayiti» daprè Ministè a. Li kontinye pou di : «Pratik tradisyonèl ki lye ak pwodiksyon li ak konsomasyon li fè li se nonsèlman yon sipò pou idantite nasyonal la men tou se youn nan mwayen ekonomik pou kominote lokal yo».
Nan sans sa, MCC voye gwo kout chapo pou Direksyon Patrimwàn Kiltirèl ak Kolaborasyon Teknik ak patnè yo tankou Inivèsite Leta Ayiti (UEH), Komisyon Nasyonal Ayisyèn Koperasyon avèk UNESCO, tout pwodiktè Kasav yo nan tout peyi a, Ministè zafè etranjè ak delegasyon pèmanan Ayiti nan UNESCO ki te kontribye nan demach sa a.
N ap raple 27 mas 2024 la, ansyen minis zafè etranjè peyi a ki te anbasadè ak delege Ayiti nan UNESCO, Dominique Dupuy te enskri Konpa ayisyen an nan lis patrimwàn kiltirèl imateryèl imanite a tou.
CP: Le Quotidien News
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024