Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Prezidan Konsèy Tranzisyon an mande Lafrans remèt Ayiti lajan li te fè l peye pou endepandans lan

Mag Haiti by Mag Haiti
September 27, 2024
in Politique
0
Prezidan Konsèy Tranzisyon an mande Lafrans remèt Ayiti lajan li te fè l peye pou endepandans lan

Nan diskou li fè jodi jedi 26 septanm 2024 la, Prezidan Konsèy Tranzisyon an, Edgar Leblanc Fils fè konnen li lè li tan pou Ayiti jwenn jistis ak reparasyon nan men peyi ki te fè l mal yo, pami yo Lafrans. Manm gouvènman an fè deklarasyon sa a nan okazyon 79yèm asanble jeneral Òganizasyon Nasyonzini (ONU) k ap fèt aktyèlman Etazini.

«Fò m raple nou Ayiti se sèl peyi yo te fè peye pou endepandans li te pran nan dife ak san. Pandan bisantenè evènman sa a nan mond lan pral rive a, èske lè a pa sonnen pou Ayiti jwenn lajan sa yo li te peye a», se pawòl sa yo prezidan KPT a te deklare devan tribin Nasyonzini an. Pandan li soulinye se peyi sa yo menm ki kenbe devlopman Ayiti.

Nan diskou li a, nimewo 1 Konsèy tranzisyon an pa t mete dlo nan bouch li pou kritike Lafrans pou dèt endepandans la. “Dèt sa te souse tout ekonomi peyi a sa ki fè nou plonje nan povrete jouskaprezan. Dèt sa a, se te yon fòm pinisyon dèske yo te vle fè nou peye frekansite nou paske nou te sòti nan esklavaj. Li te kenbe tou nan kou potansyèl ekonomik sosyàl pèp nwa ayisyen an pandan plizyè jenerasyon”.

Nan sans sa a, li te pwofite mansyone konbyen antite ak gouvènman ki ap diskite sou nesesite pou peyi a jwenn jistis, ak reparasyon pou tout dèt peyi oksidantal yo dwe.

Yon lòt kote, politisyen an te salye kouraj chak grenn ayisyen ki al pran refij nan lòt peyi, e swete yo tounen lè sa bon. Li te voye solidarite l tou pou tout imigran k ap viv Etazini espesyalman nan vil Springfield yo, ki ap viv move moman akoz manti Repibliken yo ap fè sou do yo

N ap fè konnen, prezidan Edgar Leblanc Fils te atire atansyon manm Nasyonzini yo sou sitiyasyon Ayiti a. Kote li fè yo konprann nan moman sa li plis pase enpòtan pou yo ede nan mete lapè ak sekirite. Epi reponn ak bezwen imanitè ki genyen nan sosyete a.

«Ayiti tè sa ki te ofri mond lan senbòl libète ki pap janm fayi e ki te ede plizyè nasyon retire tèt yo anba move peryòd kolonyalis la, pap chache charite, men l ap chache jistis respè pou diyite, epi dwa pou l genyen yon bon egzistans ki sanble l», se sou nòt sa Edgar Leblanc Fils te fini ak diskou l nan gwo rasanbleman entènasyonal sa a.

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 532
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Kaw Academy : Vers la démocratisation de l’éducation pour les Haïtiens

Next Post

Bandi ak zam atake katye jeneral lame Ayiti a

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Bandi ak zam atake katye jeneral lame Ayiti a

Bandi ak zam atake katye jeneral lame Ayiti a

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,364)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,877)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,983)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,785)

Nouveaux Articles

  • Haïti bénéficiera 283 millions de dollars venant de la Banque interaméricaine de développement
  • Depatmant sekirite enteryè Etazini an mete yon bout ak pwogram imanitè Biden nan
  • Haïti : 1,3 million de déplacés internes, un record selon l’OIM

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?