Jan prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Lesly Voltaire te anonse l madi pase a nan «Les mardis de la nation», jodi vandredi 17 janvye 2025 lan, li efektivman rive inogire Pò Senlwi di Sid la .
Selon prezidan KPT a, inogirasyon pò sa se yon gwo viktwa nan batay pou devlopman Sid peyi a. An menm tan, li deklare «lè nou mete fren nan aktivite gang yo epi relouvri wout Matisan an, pò sa a pral tounen tou yon levye esansyèl pou sèvi zòn metwopolitèn nan».
Yon lòt bò, Lesly Voltaire mete chapo ba devan kouraj ak pèseverans tout moun ki te patisipe nan gwo travay pou inogirasyon sa. Li te tou pwofite anonse Pò sid la reprezante kòmansman anpil lòt pwojè ki ap gen pou reyalize nan goumen k ap fèt pou gen desantralizasyon nan peyi a.
Fòk nou di, seremoni pou inogire pò a te fèt an prezans plizyè manm gouvènman ayisyen an tankou minis Ekonomi ak finans lan, minis Travo piblik transpò ak kominikasyon an ak minis Enteryè ak kolektivite teritoryal la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025