Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Prezidan konsèy la deklare li pa nan mare sosis li ak 3 konseye ki nan koripsyon yo

Mag Haiti by Mag Haiti
October 7, 2024
in Politique
0
« Le président du CTP, Edgard Leblanc absent de son bureau à cause de la sorcellerie », révèle Romanes Samedi

Nan yon adrès li fè pou nasyon an nan lannuit dimanch 6 oktòb 2024 la, Prezidan Konsèy tranzisyon an, Edgar Leblanc Fils deklare li pap patisipe nan anyen ki ap antrave travay lajistis nan peyi a. Li fè deklarasyon sa a, pou eksplike rezon ki fè li pa t siyen yon rezolisyon ki pran nan mitan Konsèy la vandredi ki sot pase a.

«Mwen menm ki vle respekte enstitisyon ak lalwa peyi a, nan sousi pou pwoteje imaj Konsèy Prezidansyèl la epi rete konyeran ak sa m te di deja mwen pa kapab aksepte patisipe nan okenn demach ki ap afebli pi plis epi devalorize lajistis peyi a», se pawòl sa yo nimewo 1 Konsèy la pwononse akoz li pa dakò mare sosis li ak 3 konseye ki enplike nan dosye koripsyon Inite Lit Kont Koripsyon (ULCC) jwenn sou do yo a.

Rezolisyon sa ki gen siyati 6 konseye san pa prezidan Konsèy la, se yon akò ki bay Emmanuel Vertilaire, Louis Gérald Gilles ak Smith Augustin dwa pou yo toujou nan Konsèy la malgre yo enplike nan dosye 100 milyon goud Bank Nasyonal Kredi a (BNC). Se sa k fè Edgar tou avèti pèp la wout Konsèy la ap pran an pap bon pou peyi a. Paske, selon li menm, nan faz Konsèy la antre a la li posib pou fè peyi a tonbe nan enstabilite. Sa ki ka rann pi mal sitiyasyon Ayiti, epi pwolonje peryòd tranzisyon an.

Daprè deklarasyon Edgar yo, antanke prezidan Konsèy la li te vle pou konseye prezidansyèl Emmanuel Vertilaire, Louis Gérald Gilles ak Smith Augustin te rete lwen tout travay KPT a ap fè aprè rapò ankèt ULCC a. Poutan, nonsèlman misye Vertilaire ak doktè Gilles te deklare jounal le Nouvelliste klè kou dlo kòk yo pap demisyone, men yo toujou patisipe nan travay aktif Konsèy la sitou pou dosye “prezidans tounant” lan.

Pou kounye a, selon akò ki te bout ak Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an nan peyi a, jodi lendi 7 oktòb 2024 la se dat pou Edgar Leblanc Fils ta kite plas li a pou konseye prezidansyèl Leslie Voltaire. Se nan sans sa menm laprezidans peyi a nan yon nòt yo rann piblik, yo bay laprès randevou jodi a menm nan Vila akèy la pou seremoni enstalasyon nouvo prezidan Konsèy la.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 532
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Collectif Défenseur Plus » bay enkyetid li sou pil depòtasyon Ayisyen nan Sendomeng

Next Post

Lapolis nan Jamayik arete 20 Ayisyen ki t ap tante travèse lakay yo ankachèt

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Lapolis nan Jamayik arete 20 Ayisyen ki t ap tante travèse lakay yo ankachèt

Lapolis nan Jamayik arete 20 Ayisyen ki t ap tante travèse lakay yo ankachèt

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,786)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,990)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,156)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,910)

Nouveaux Articles

  • ONU deklare vyolans gang yo an Ayiti reprezante gwo menas pou estabilite Karayib la
  • Komite sanksyon ONU an sanksyone gwoup gang Viv Ansanm ak Gran Grif
  • Prezidan KPT a mande Premye minis Alix Didier Fils-Aimé rapò sou plizyè dosye leta enplike ladan yo

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?