Prezidan Kolonbi a, Gustavo Petro reyaji sou desizyon administrasyon Trump pran pou depòte migran k ap viv ilegal Etazini yo. Chèf leta kolonbyen an sou kont X li jodi dimanch 26 janvye 2025 lan, plede koz migran yo pou fè konprann Etazini dwe trete yo tankou moun paske yo se moun.
Selon La Presse, Gustavo Petro estime yon migran pa yon kriminèl e di li rete kwè yo ta dwe trete yo ak diyite jan yon moun merite sa. Kidonk, mesye Petro di pou kalite tretman sa yo, li te deside fè avyon militè ki te pote imigran kolonbyen yo tounen kote l te sòti Etazini an.
Nan reyaksyon mesye Petro a, li pwofite raple prezidan Trump pandan l ap voye tounen sitwayen pa l yo nan move kondisyon an, genyen yon total 15,660 migran ameriken ki tabli kò yo ilegalman lakay li Kolonbi. Nan sans sa, Petro deklare :«Yo dwe kontakte sèvis imigrasyon nou an pou regilarize sitiyasyon yo».
An menm tan, prezidan Petro di li kwè nan libète moun, se sa ki fè li lanse yon apèl pou sitwayen Nò ameriken yo ki vle vini Kolonbi, ka fè sa san pwoblèm. Yon lòt bò, li mansyone yo pap janm wè l boule yon drapo «gringo» osnon fè yon «ratzia» pou voye imigran ilegal tounen Etazini ak menòt nan men. Li pèsiste pou l di vrè lidè yo pap janm atake libète.
Gustavo Petro pa sèl chèf leta ki fache sou fason otorite amerikèn yo ap trete migran yo pou depòte yo a. Prezidan brezilyen an tou, Lula Da Silva egzije ayè samdi 25 janvye a yon eksplikasyon nan men Washington pou kondisyon sa yo, ki selon li menm, pa gen anyen pou wè ak tretman moun.
N ap soulinye, menmsi Brezil te reyaji sou move tretman sitwayen li yo sibi anba men ameriken, men li te resevwa vandredi 24 janvye a, 88 migran nan vòl ki te ateri nan zòn Manaus, nan Nò peyi sa.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025