Nan diskou li fè ayè mèkredi 22 janvye 2025 la, nan vil Jakmèl, prezidan kolonbyen an Gustavo Petro mande pèp ayisyen an padon pou enplikasyon mèsenè kolonbyen yo nan ansasinay prezidan Jovenel Moïse la.
«Nou menm pèp ayisyen, mwen mande nou padon pou kolonbyen yo ki te touye prezidan nou an. Yo pa reprezante pèp kolonbyen an», se pawòl sa yo chèf leta a deklare. Alòske anpil moun kwè vini Prezidan Petro ta gen rapò ak liberasyon 17 mèsenè sa yo ki jiskounye a nan prizon pou zak malonèt yo te fè a. Fòk nou di tou, se kèk deklarasyon otorite ayisyen yo te kouri demanti.
Nan menm diskou sa, prezidan Petro pa t mete dlo nan bouch li pou te remèsye nasyon ayisyèn nan dèske li te ede ewo tankou Francisco Miranda ak Simón Bolívar lè yo te vin chache èd an Ayiti. Anplis sa, li remèsye Ayiti pou libète li te bay Amerik la espesyalman peyi li, Kolonbi.
«M remèsye nou paske nou te ede Amerik mwen an, Kolonbi m nan, pou yo te jwenn libète. Nou te menm ba nou drapo». Li kontinye pou defann blan yo dwe sonje kote yo ap layite yo kounye a se lit nwa ki ba yo l. Se pou sa li deklare : «San pèp nwa a, san Meksiken yo, Etazini pa t ap anyen», toujou daprè pawòl chèf leta a.
Nan sans sa, li fè konnen pèp Latino-ameriken yo dwe mete tèt yo ansanm. E li di li kwè tout sa ki vire do bay pèp sa yo ap depafini poukont yo nan povrete a. Se sa ki fè, li defann youn dwe ede lòt sitou nan kontèks kote tout moun bliye Ayiti.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025