Jan sa te anonse a, Gustavo Pétro ki sa prezidan Kolonbi rive nan vil Jakmèl jodi mèkredi 22 janvye 2024 la.
Chèf leta kolonbyen an ki te dwe rive nan vil sa a nan 10 zè nan maten te pito ateri nan Ayewopò Jakmèl lan a 3zè 50 nan aprè midi. Se prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT), Leslie Voltaire ansanm ak kèk manm nan gouvènman an ki te akeyi mesye Pétro ansanm ak delegasyon li an.
Touswit aprè, mesye Pétro fin rive nan vil Jakmèl, li te ale nan manwa lotèl Adriana nan lide pou te patisipe ansanm ak kèk minis nan gouvènman l lan nan yon Konsèy minis bilateral ak prezidan KPT a, Leslie Voltaire ak chèf gouvènman ayisyen an, Alix Didier Fils-Aimé. Konsèy minis sa daprè sa biwo kominikasyon laprimati di, genyen yon enpòtans estratejik.
«Reyinyon sa a, ki make pa ranfòsman relasyon bilateral yo, reflete anvi 2 Eta yo pou konsolide koperasyon yo nan domèn estratejik, tankou devlopman ekonomik, sekirite, tranzisyon enèji, ak pwoblèm anviwonmantal», se sa biwo kominikasyon laprimati a fè konnen.
Pi lwen, li eksplike diskisyon yo fèt nan yon lespri dyalòg konstriktif ak respè youn pou lòt ki fè pati yon dinamik patenarya dirab ki vize ankouraje estabilite rejyonal yo ak rankontre defi mondyal yo nan epòk nou an. Yon lòt bò, li soulinye se yon reyinyon ki demontre angajman pou solidarite rejyonal ak entegrasyon pèp Karayib la ak nan Amerik Latin nan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025