Kèk tan aprè prezidan Donald Trump anonse divès sanksyon li pran kont peyi li a, Prezidan Gustavo Petro deside voye chèche imigran li yo Etazini. Jodi dimanch 26 janvye 2025 lan, chèf leta a fè konnen l ap voye chèche sitwayen li yo Etazini nan avyon prezidansyèl la.
«Sou direksyon prezidan Gustavo Petro, Gouvènman Kolonbi a mete avyon prezidansyèl la disponib pou rann retou resòtisan ki te dwe ateri nan peyi a, maten an, pi fasil, e fèt nan diyite», se sa ki ekri nan yon kominike pou laprès gouvènman an rann piblik.
Avan sa, chèf leta a te montre li fache akoz move tretman li estime gouvènman ameriken te bay sitwayen li yo. Puiske li di, yon imigran y ap depòte pa dwe ak menòt nan men tankou yon kriminèl, men li dwe jwenn bon jan tretman. E se sa menm, li te eksplike kòm rezon ki lakoz li te derefize avyon militè ameriken ki te pote vini imigran kolonbyen yo.
N ap raple, se aprè desizyon sa Donald Trump te li menm vin deside pran divès sanksyon kont Kolonbi. Kote li entèdi apati 27 janvye k ap vini la tout ofisyèl peyi sa pile teritwa li a epi deside ba yo sanksyon ekonomik tou.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025