Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Politique

Premye minis Garry Conille anonse leta ap ede tout viktim eksplozyon ki fèt Miragwàn nan

Mag Haiti by Mag Haiti
September 14, 2024
in Politique
0
Premye minis Garry Conille anonse leta ap ede tout viktim eksplozyon ki fèt Miragwàn nan

Chèf gouvènman ayisyen an, Garry Conille anonse jodi samdi 14 septanm 2024 la, pwoteksyon sivil deja ap opere ak kèk enstitisyon leta pou ede viktim eksplozyon nan Miragwàn yo. Pandan tan sa, premye minis lan eksprime tout lapèn li aprè gwo eksplozyon sa ki lakoz anviwon 17 moun mouri nan zòn Nip la.

“Mwen regrèt anpil eksplozyon kamyon sitèn gaz la ki rive Miragwàn jodi a“, daprè sa premye minis lan deklare nan yon pòs li fè sou kont X li. Yon kote, li fè konnen li deja pale ak otorite lokal yo nan Nip la, epi fè kou li konnen pou te mobilize responsab pwoteksyon sivil (DGPC) sante piblik, afè sosyal pou sove lavi moun ki boule grav yo.

Selon chif pwovizwa Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil (DGPC) li site, responsab yo rive resanse 40 moun ki boule grav.

Yon lòt kote, li te tou pwofite anonse DGPC te aktive Sant Operasyon Ijans Depatmantal (COUD) nan Miragwàn pou te mete kontwòl sou operasyon y ap mennen yo. Se pou sa, nan moman sa menm li fè kwè genyen 16 moun ki twouve yo nan lopital Sen Bonifas Fondèblan, epi 5 lòt nan lopital Imakile Konsepsyon nan vil Okay.

Pou kounye a, chèf primati a soulinye deja genyen 4 anbilans pou kontinye ak operasyon pou retire moun yo nan danje. E li menm fè konnen nan yon ti tan tou kout pral gen yon vòl espesyal ki pou pran viktim vini ak yo nan lakou Pòtoprens. Daprè sa li ekri, inisyativ sa se laprimati ki pran li nan tèt kole avèk Ministè Sante Piblik ak Popilasyon epi Medsen San Fwontyè (MSF).

“Gouvènman an fè solidarite ak tout viktim yo e fanmi yo“, se sa premye minis la pwomèt nan sitiyasyon difisil sa. Kote gen 17 moun ki mouri epi anviwon 40 lòt boule aprè eksplozyon yon kamyon sitèn ki te gen gaz nan Miragwàn .

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 916
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Wyclef Jean deklare Ayisyen se manm ki enpòtan anpil nan kominote ameriken an

Next Post

Pwoblèm entènèt Digicel la pap rezoud toutotan konpayi a pa peye dèt li ki monte 2.5 milyon dola

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Pwoblèm entènèt Digicel la pap rezoud toutotan konpayi a pa peye dèt li ki monte 2.5 milyon dola

Pwoblèm entènèt Digicel la pap rezoud toutotan konpayi a pa peye dèt li ki monte 2.5 milyon dola

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,314)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,870)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,964)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,775)

Nouveaux Articles

  • Etazini : plizyè milye moun manifeste nan divès eta kont politik migratwa Trump lan
  • Fowòm ansyen premye minis yo mande kominote entènasyonal la sispann sanksyon li yo
  • SOFEHJ selebre jounen latino amerikèn libète laprès la

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?