Joseph André Gracien Jean ak Herwil Gaspard, se 2 minis delege sa yo Premye minis Alix Didier Fils-Aimé enstale jodi jedi 5 desanm 2024 la nan lokal laprimati a. Minis sa yo ap gen pou jere youn aprè lòt kesyon eleksyon konstitisyonèl ak solidarite nan zafè imanitè yo.
«Inisyativ sa se yon etap enpòtan nan jefò gouvènman an ap fè pou tabli lòd konstitisyonèl epi ranfòse sekirite nasyonal la», daprè sa laprimati fè konnen nan yon kominike yo pibliye. Nan menm tan sa, yo soulinye tou yo ap fè tout sa yo konnen pou reponn ak bezwen moun nan popilasyon an ki plis pa kapab yo.
Se pou tèt sa, depi nan diskou enstalasyon 2 nouvo chèf sa yo, chèf gouvènman an mande pou yo pran responsablite yo. Pandan minis delege Gracien Jean ap jere dosye pou òganizasyon eleksyon yo, minis delege Herwil Gaspard li menm dwe poze aksyon nan ede deplase yo ak sitwayen ayisyen yo depòte yo san bliye rezoud kriz alimantè ak sanitè yo.
Fòk nou di, jiskaprezan nominasyon ak enstalasyon profesè Gracien Jean se yon bon desizyon daprè plizyè sitwayen. Puiske, yo estime profesè a se lespwa e kapab pote yon chanjman.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024