Aprè 3 elikoptè yo fin rive nan ayewopò entènasyonal Toussaint Louverture a jodi jedi 6 fevriye 2025 lan, Premye minis ayisyen an Alix Didier Fils-Aimé deklare Ayisyen sou wout pou jwenn sekirite.
«Nou gen moun, nou pral gen ekipman e nou pral kapab bay popilasyon an sa l mande a», se deklarasyon sa chèf laprimati a te fè nan moman materyèl yo t ap debake nan Ayewopò a.
30 janvye ki sot pase a, chèf gouvènman an te deja mande popilasyon an pou l pran paysans, puiske li te di lòd ap retabli nan peyi a. Jodi jedi a ankò, doktè Fils-Aimé mande popilasyon ayisyen an pou l pa pèdi espwa.
Premye minis lan fè deklarasyon sa kèk tan aprè 3 elikoptè militè ki sòti Salvadò rive nan peyi a jodi a menm. Elikoptè sa yo la pou ede misyon miltinasyonal la nan fè evakyasyon medikal.
Malgre tout masak ak vyolans gang yo nan peyi a, chèf laprimati a rasire tout moun pou di gouvènman l ap dirije a pran desizyon pou ensekirite a fini. Li peze pou l di sa pap pran anpil tan pou sitiyasyon sekiritè peyi a pa ranje paske li soulinye gouvènman an, pouvwa egzekitif lan, lapolis, lame ak MMSS la ap travay ansanm pou bay pèp la sekirite. Sa li konsidere kòm premye revandikasyon yo.
N ap fè konnen, 3 elikoptè sa yo rive nan menm moman ak 200 nouvo polisye kenyan yo jodi jedi 6 fevriye 2025 lan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025