Akoz gwo lapli ki genyen sou vil Pòdepè, abitan yo leve jwenn pou pi piti 5 moun rive pèdi lavi yo jodi lendi 23 desanm 2024 la. Selon videyo ki pibliye yo, moun sa yo mouri akoz miray ki tonbe sou kay kote yo te a.
Clarimène se non youn nan viktim yo ki rive pèdi lavi l lakay li, nan mòn Betèl. Tandiske 4 lòt moun yo, yo menm yo viktim nan ri 3 Gras. Se yon sitiyasyon ki mete dlo nan je popilasyon an, puiske jiskounye a kò moun sa anba dekonm toujou.
Fòk nou di anplis dram sa, vil Pòdepè leve anba gwo dlo jodi lendi a tou. Kote depi nan lannuit dimanch 22 desanm 2024 la, rivyè a desann e fè gwo dega, keseswa nan ri Kristòf, sou pon vil la ak lòt zòn sou kote yo. Yon aksyon ki fè kounye a la, moun yo pa sispann lanse SOS, paske lapli a pa sispann tonbe e dlo pa sispann inonde lakay moun yo.
N ap raple, pou ane 2024 la, sa fè 2yèm ka konsa ki rive fèt nan premye vil depatman Nòdwès la. Premye dram nan te fèt dimanch ki te 28 avril 2024 la, kote 3 moun te rive pèdi lavi yo aprè yon miray te rive tonbe sou yon kay nan zòn ri Lopital, nan Pòdepè.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024