Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Pou pi piti 150 moun mouri pandan semèn ki sot pase a daprè ONU

Mag Haiti by Mag Haiti
November 21, 2024
in Société
0
Pou pi piti 150 moun mouri pandan semèn ki sot pase a daprè ONU

Nan yon kominike ki pibliye ayè mèkredi 20 novanm 2024 la, Wo Komisarya Nasyonzini pou dwa moun nan (HCDH) fè konnen gen pou pi piti 150 moun ki mouri pandan semèn ki sot pase a. Se sa ki fè, Wo komisè a, Volker Türk deklare vyolans gang yo dwe sispann an Ayiti.

Anplis moun sa yo ki mouri a, genyen anviwon 20 000 lòt ki te oblije kite zòn yo tou pandan menm peryòd la. Selon HCDH, pou pi piti 55 % nan lanmò sa yo se atak gang yo ak afwontman yo konn gen ak lapolis ki lakoz yo.

«4 milyon abitan Pòtoprens yo prèske nan prizon, paske gang yo kounye a la kontwole tout wout prensipal yo ki antre ak sòti nan kapital la. Dènye monte vyolans lan nan kapital ayisyen an se yon siy evènman pi mal k ap vini yo. Vyolans gang yo dwe sispann prese prese», se deklarasyon defansè dwa moun nan ki pi devan, kontinye pou di kominote entènasyonal la paka kite Ayiti nan plonje nan sitiyasyon difisil sa toujou.

Nan dat 11 novanm nan menm, òganis lan fè kwè kòm bilan depi antre ane 2024 la genyen 4 544 moun ki pèdi lavi yo, 2 060 lòt te sòti blese. Mete sou sa, nan peryòd sa genyen 700 000 ki te kouri pou bandi, mwatye nan chif sa se timoun, toujou daprè òganis entènasyonal la.

Pandantan sa, yo soulinye tout vyolans sa sou popilasyon an pa san konsekans. Puiske aktyèlman, genyen rate dlo, maladi ki ap pwopaje nan mitan moun yo sitou sila ki nan kan deplase yo, ak menas kont lavi travayè imanitè yo.

Fas ak tout sa yo, Wo Komisarya Nasyonzini pou dwa moun nan mande fòk gen mezi ki pran pou ranfòse kapasite lapolis la ak fòs miltinasyonal la. Sa ap fèt yon fason pou pwoteje pèp ayisyen an epi tabli lapè jan sa dwe fèt la.

CP: Outre-mer la 1ère-Franceinfo

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2024

Comments

commentaires

Nombre de vues: 694
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Programme Transcultura : une formation spéciale est prévue pour les 13 bénéficiaires haïtiens

Next Post

Laprimati anonse gouvènman an pran divès mezi pou garanti sekirite zòn metwopolitèn nan

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Laprimati anonse gouvènman an pran divès mezi pou garanti sekirite zòn metwopolitèn nan

Laprimati anonse gouvènman an pran divès mezi pou garanti sekirite zòn metwopolitèn nan

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,466)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,920)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (34,035)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,830)

Nouveaux Articles

  • Avoka Pierre Antoine Borgat tonbe anba bal bandi nan vil Okay
  • Hérold Toussaint appelle à repenser Haïti à travers la pensée sociale du pape François
  • Un pylône endommagé à Péligre plonge Port-au-Prince dans le black-out

RSS Fact Checker

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?