Pòt pawòl polis la Garry Desrosiers te reyaji sou radyo Magik 9 jounen jodi mèkredi 11 Janvye 2023 a, nan lide pou li pote plis limyè sou zak sa ki te pase ayè madi 10 Janvye a nan Kafoufèy, touprè legliz Wesleyenn lan.
Selon pòt pawòl lapolis la :« se pa sèlman 2 polisye ki mouri, men gen 2 lòt sivil ki mouri tou, youn nan polisye yo ki se Previlus Dady (29 an/ 31em pwomosyon) epi Deny Dempsey (33 an/27èm pwomosyon), yon madanm ki mouri avèk 52 an epi yon mesye ki mouri, men ki gen pou non pastè.»
Zak sa te pase nan Kafoufèy, nan kafou Wesleyenn lan, pandan polisye yo t ap gade yon kamyon ki te parèt sispèk.
Toujou selon pòt pawòl Garry Desrosiers « Bandi yo rekirepe 3 zam, 2 toris epi yon gwo zam galil, aprè 3 nan moun sa yo t al mouri nan lopital Medsen San Fwontyè.»
Bandi yo te fin touye 2 polisye yo, aprè yo pran zam yo ale san pè ni presyon, zak ensekirite chak jou k ap ogmante pi plis nan peyi a.
Pòt pawòl Garry Desrosiers te kontinye pou li ajoute « Sekirite pa sèlman yon kesyon Lapolis, men li se enterè jeneral, kidonk tout fòs yo ki pou mete ansanm pou yo ka mete bandi yo nan wòl yo pou yo sispann bay popilasyon an pwoblèm.»
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023