Upgrade
Mag Haiti
ADVERTISEMENT
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement
No Result
View All Result
Mag Haiti
No Result
View All Result
Home Société

Popilasyon Wanament la pran desizyon pou fèmen fwontyè a nan bò pa Ayiti a

Mag Haiti by Mag Haiti
October 10, 2023
in Société
0
Popilasyon Wanament la pran desizyon pou fèmen fwontyè a nan bò pa Ayiti a

Plizyè milye moun te debake ayè dimanch 8 oktòb 2023 a nan zòn fwontyè ayisyen an pou te fèmen pòt la menm jan Repiblik Dominiken te fè l 15 septanm pase a. Aprè lapolis te anpeche yo fè sa, moun yo deklare nenpòt jan sa ye a y ap fèmen fwontyè a pou kenbe otorite peyi Dayiti.

Alòske nan peyi vwazen an plizyè sitwayen dominiken te tanmen ayè dimanch la, yon jounen manifestasyon pou te mande gouvènman dominiken an pou kenbe desizyon pou fwontyè ayisyano-dominiken yo toujou ret fèmen, popilasyon nan Wanament la yo menm tou te pran lari men se te pou te al fèmen fwontyè a nan bò Ayiti a.

Aksyon sa yo rive fèt nan 2 peyi yo se paske enfòmasyon yo ta fè kwè Prezidan Luis Abinader gen entansyon louvri fwontyè a nan bò pa yo a jodi lendi 9 oktòb la. Kòm repons abitan yo te vini ak materyèl pou te fèmen pòt la nèt, yon bagay polisye yo pa t kite yo fè.

“Yo fèmen n ap fèmen tou epa sèl yo ki gen dwa, nou gen dwa pou nou defann peyi nou se ansanm nou fò li ye nou pap okipe pyès moun. Polisye yo ap ba nou gaz, ap ba nou kou pou pouse nou, nou menm se dwa nou n ap defann paske se Ayisyen nou ye. N ap fèmen“, daprè sa youn nan abitan Wanament yo fè konnen.

Yon lòt kote, fas ak tansyon ki te genyen pou lapolis te anpeche moun yo fèmen fwontyè a ak blòk oubyen soude pòt la, diskisyon te tanmen ant plizyè pèsonalite ak polisye k ap jere fwontyè a. Malgre sa, ajan an chèf la deklare baryè a ka fèmen men se pa fason moun yo vle l la.

“Nou poko prè pou n al achte bagay pouri nan men dominiken, si y ap louvri nan kad pou 2 gouvènman yo antann yo ok men si se pou komès sèlman nou menm nou prè pou n soude pòt la e menm monte blòk“, daprè deklarasyon ansyen palmantè Wanick Pierre ki te vinn sipòte popilasyon Wanament la.

Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023

Comments

commentaires

Nombre de vues: 2,706
Share on Facebook Share
Share
Share on Twitter Share
Share
Share on Google Plus Share
Share
Share on Pinterest Share
Share
Share on Linkedin Share
Share
Share on Whatsapp Share
Share
Share on Email Share
Share
Share on Viber Share
Share
Share on Sms Share
Share
Share on Messenger Share
Share
Previous Post

Bandi ak zam kidnape yon fidèl legliz Rendez-Vous Christ aprè yo te finn anvayi espas la

Next Post

Un Tribunal kényan interdit temporairement le déploiement de leurs policiers en Haïti

Mag Haiti

Mag Haiti

Mag Haiti a pour mission d'informer, de distraire et de former les internautes à travers le monde. Comme tout organe de presse qui se respecte dans une démocratie, notre objectif essentiel est de fournir aux citoyens l’information exacte et fiable dont ils ont besoin pour fonctionner dans la société libre où ils vivent.

Next Post
Le Kenya pourrait intervenir en Haïti dès novembre 2023

Un Tribunal kényan interdit temporairement le déploiement de leurs policiers en Haïti

Suivez-nous

youtube
follow
facebook
follow
twitter
follow
instagram
follow
soundcloud
follow
linkedin
follow

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo? 

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Scandale à Miss Haïti Univers

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le béninois Axel Merryl met le compas en valeur dans le tube Lele Lala Lolo Lili

    0 shares
    Share 0 Tweet 0
  • Le nom d’une première victime d’abus sexuels au Ranch de la Croix-des-Bouquets connu?

    0 shares
    Share 0 Tweet 0

Qui sommes-nous?

Mag Haiti

La société Médias MAGHAITI dont le siège social est sis à Port-au-Prince, immatriculée au registre du commerce d’Haïti au numéro 357 Reg. 103, est formée de trois (3) agences de Presse en ligne, soit Mag Haïti, Alolakay TV, T-check Haïti et de la compagnie Quiet Production.

Les plus populaires

  • Poukisa li enpòtan pou nou denonse aktivite bandi yo sou rezo sosyal yo?  (86,037)
  • Les dix jeunes Haïtiens les plus influents en 2018 (39,806)
  • Fantom menase l ap bòykote “Sumfest” la epi tire Carel Pedre (33,872)
  • Lapolis rive sezi 2 zam, 2 machin epi touye 4 prezime bandi nan vil Gonayiv (30,691)

Nouveaux Articles

  • Avan pwojè konstitisyon an pèmèt yon jèn vin prezidan Ayiti ak 30 lane
  • Gwoup gang Savyen yo masakre pou pi piti 11 moun nan yon legliz Ti Rivyè Latibonit
  • Lajistis amerikèn rekonèt Chèf gang Yonyon koupab nan dosye kidnaping sitwayen ameriken yo

RSS Fact Checker

  • Avant l’investiture de Trump, Meta abandonne son programme de fact-checking
  • Désintox : la Chine fait-elle face à une nouvelle épidémie appelée HMPV ?
  • Désintoxication : la femme qui a lancé la rumeur sur les Haïtiens à l’Ohio se rétracte
  • La vidéo de l’homme qui tue un chat avec ses dents répertoriée sur un blog zimbabwéen

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Subject:
Message:
Ajax loader
No Result
View All Result
  • Accueil
  • Politique
    • Éditorial
    • Politique
    • Justice
    • Élection
    • International
  • Société
    • Société
    • Opinion
    • Éducation
    • Enquête
    • sondage
    • Elles
    • Biographies
    • Causerie
  • Économie
  • Culture
    • Culture
    • Musique
    • Mode
    • People
    • Art
    • K-naval
    • Gospel
  • Santé
  • Environnement

© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2023

Are you sure want to unlock this post?
Unlock left : 0
Are you sure want to cancel subscription?