Nan yon kominike li pibliye ayè vandredi 7 mas 2025 lan, Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) anonse arestasyon Nöelson Mételus, alyas Zo Pipe. Daprè sa l di, endividi sa ta yon manm aktif nan gwoup gang Kanaran an.
Nan kominike sa, PNH enfòme manm gang sa a jwenn arestasyon l jou ki te madi 4 mas 2025 lan nan komin Sodo. Men, popilasyon an te rive met lapat sou li malgre tout jefò lapolis.
«Malgre jefò polisye yo te fè, manm popilasyon an, ki te sou plas ak tout kòlè yo pandan arestasyon sa a, te pran kriminèl la ak fòs epi touye l», se sa nou li nan kominike a.
Pou sa ki gen pou wè ak materyèl yo sezi yo, enstitisyon polisyè a fè konnen nan menm operasyon sa a, yo rive sezi plizyè katouch kalib 5.56. Yon lòt kote, responsab yo presize yo jwenn tou yon valiz ki te chaje ak grenn bal nan yon jaden nan Gran Rarat, yon lokalite nan 3yèm seksyon Madi Gra ki toujou nan komin Sodo.
Pou fini, responsab yo nan enstitisyon an fè konprann lapolis nan depatman Sant kontinye kenbe menm angajman li pou l batay kont krim sou tout fòm. Yon mannyè selon yo k ap pèmèt sitwayen yo mennen aktivite yo chak jou nan lapè.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025