Nan lokalite Segen, komin Marigo nan depatman Sidès peyi a, manm popilasyon an touye 2 endividi ki te sou moto. Moun sa yo te gen pwodui ki sanble ak marigwana nan men yo, e yo rive jwenn lanmò yo 6 mas pase a.
Atravè yon kominike li pibliye jodi madi 11 mas 2025 lan, Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) anonse li sezi 20 pake pwodui ki sanble tèt koupe ak marigwana. Li di pwodui sa yo te nan men 2 endividi sa yo ki te sou moto.
Nan enfòmasyon li bay yo, fòs lòd yo fè konnen se gras ak popilasyon an li rive sezi pwodui sa yo. d se li ki te kenbe 2 mesye sa yo ki t ap vwayaje sou motosiklèt. Li fè konnen tou, aprè sa jij pou lapè jiridiksyon an, Keder Adesca te fè pwosè vèbal la an prezans ajan yo nan Biwo Lit kont Trafik Dwòg (BLTS).
Moun Segen pa t sèlman kontante yo pou te mete men sou mesye sa yo, men tou yo te ba yo bw@ k@le : «moun sa yo, popilasyon an ki te an kòlè te touye yo malgre jefò polisye ki te sou plas yo te deplwaye», daprè sa PNH la rakonte.
Pandantan sa, Direksyon Depatmantal Polis Sidès la di l kontinye pran menm angajman an pou l pwoteje ak sèvi popilasyon depatman Sidès la. Li di sa ap fèt nan lide pou ranfòse mezi sekirite nan zòn estratejik yo pou yo ka fè fas ak yon posib atak gang ak zam yo, k ap opere nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan. Bandi sa yo daprè sa l di ap chèche tout mwayen pou pran kontwòl wout ki bay aksè nan depatman Sidès la.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025