Nèg ak zam atake Kafoufèy vandredi 14 ak samdi 15 fevriye 2025 lan epi rive mete dife nan plizyè kay ak legliz nan kote sa a. Sa ki fè, popilasyon zòn nan ap konnen yon move moman e pa konnen ki sen pou yo adrese yo.
10 mwa aprè manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) an te pran tèt peyi a, sitiyasyon sekiritè a toujou pa chanje. Okontrè, jounen jodi a gang ak zam yo vin enpoze yo plis kote yo kontinye ap boule, touye epi vyole moun. Se menm ka a pou Kafoufèy, puiske depi vandredi 15 fevriye a gang ak zam yo ap simen latwoublay nan katye sa.
Nan nouvo atak sa bandi yo fè sou Kafoufèy la, yo boule plizyè kay, divès machin e menm pase anba flanm dife Église de Dieu Anglade, pastè Jean Gabriel Anglade ap dirije a. Legliz sa a chita kò l ant riyèl Alèt ak riyèl Jeremi.
Divès abitan oblije kouri kite kay yo yon lòt fwa ankò, aprè aksyon sa. N ap soulinye, kèk nan abitan yo te retounen sou lòd chèf gang Ezechiel Alexandre alias Ze, ki te sove nan Penitansye Nasyonal, nan moman prizon sa te kraze a.
Kafoufèy ak Kenskòf se 2 zòn aktyèlman ki ap sibi move aksyon anba men bandi. Se yon sitiyasyon ki sanble poko ap fini, paske jiskaprezan gouvènman ayisyen an fè silans menm devan sakrifis bandi yo fè ak ti bebe blanch la Kenskòf pandan semèn nan.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025