Pandan bandi ap frape nan Mibalè ak Sodo, moun Akayè deside mete pye yo atè jodi jedi 3 avril 2025 lan pou anpeche fòs lòd yo abandone yo. Se pou sa, yo tanmen yon mouvman pwotestasyom pou bloke tout vil la paske yo aprann leta santral ta bay lòd pou lapolis ak blennde yo ta kite zòn nan al bay ranfò Mibalè.
«Nou menm nan Akayè nou sèmante swasanndisèt fwa nou pap kite leta avèk Viv ansanm fè pèp la nan mawon. Maten an DCPA mande pou blennde yo kite Akayè, mwen menm kòm majistra komin nan m kanpe mwen di non», se sa ajan enterimè a, Jean Hervé Saint-Vil deklare nan mikwo laprès.
Li kontinye pou di : «Akayè pa pou vann, e l pap janm vann». Se sa ki fè, li voye yon mesaj klè bay leta pou fè yo konprann si gen pou ale polisye yo mèt ale. Men, li fè kwè ni blennde yo ni zam yo youn pap sòti kite vil la. Se nan menm lojik sa a, li konseye otorite yo pou ranfòse lapolis pito olye yo chache retire sa ki la yo.
N ap raple, se plizyè milye fanmi ki deja kite Mibalè akoz gang yo anvayi vil la depi lendi 31 mas pase a. Gen lòt, ki toujou paka sòti kote yo ye a akoz bandi mete yo nan mitan. Administrasyon pi gwo lopital depatman an ki se Lopital inivèsite Mibalè a oblije transfere tout malad li yon nan Latibonit ak Sant. Se yon fason pou pwofesyonèl sante yo ak malad yo pwoteje tèt yo kont bandi Viv ansanm yo. Nan Sodo, sitiyasyon an pa diferan, kote endividi ak zam yo deja pike dife nan plizyè kay moun yo e pa sispann mete latwoublay.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025