Yon polisye ki sòti nan Inite Depatmantal pou met Lòd (UDMO) pèdi lavi l nan lannwit mèkredi 12 fevriye 2025 lan, aprè l te fin resevwa yon bal nan kad yon operasyon kont gang ak zam yo ki t ap fèt nan komin Monri.
Thomas Emmanuel Fils, se non polisye sa ki sòti nan 33yèm pwomosyon Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) ki rive pèdi lavi l nan operasyon sa, sou wout nasyonal nimewo 1 an. Daprè pòt pawòl adjwen PNH la, Lionel Lazarre operasyon sa te gen pou objektif anpeche bandi yo mete yon pòs peyaj pou estòke moun k ap frekante wout sa.
Nan operasyon sa genyen yon prezime chèf gang ki pote non Ti Gérard ki rive bwè dlo bouch li. Selon Lionel Lazarre genyen, 3 lòt polisye ki sòti blese, e eta sante ajan fòs lòd sa yo pa twò kritik. Li te pwofite soulinye gras ak ranfò ki te rive sou plas sitiyasyon an tounen nan nòmal li nan komin sa a.
Emmanuel Thomas Fils ki t al rann dènye souf li sou kabann lopital te afekte nan jiridiksyon Senmak. Li vin ogmante lis kantite polisye ki tonbe anba bal bandi anndan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025