Aprè gang ak zam yo pa t sispann tire nan Solino ak Dèlma 24 depi plis pase 4 jou, Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) fè konnen li tabli baz li nan Solino epi anonse operasyon yo ap kontinye.
Nan yon piblikasyon li fè sou paj Fesbouk li jodi madi 22 oktòb 2024 la, enstitisyon polisyè a enfòme l ap kontinye operasyon l nan Solino. Puiske depi plizyè jou li fè konnen l ap batay pou l mare bandi nan zòn sa.
Responsab yo nan Lapolis la fè konnen nan kad operasyon sa yo retire plizyè barikad gang yo te mete pou anpeche polisye yo pwogrese. Daprè sa yo di, operasyon sa yo pèmèt tou PNH la pran kontwòl anpil zòn ak ogmante nan patwouy li yo.
Yon lòt kote, Lapolis la enfòme li tabli baz li nan kèk pwen estratejik nan Dèlma 24. Selon yo menm, sa fèt yon fason pou pwoteje vi ak byen manm popilasyon an.
San bay plis detay, PNH la fè kwè plizyè bandi mouri nan echanj kout bal ak ajan polis yo. Pandantan sa, li di l rete moblize epi ap kontinye mennen operasyon nan baz gang sa yo pou kapab kraze gwoup yo. Sa tou ki ap pèmèt lapè ak sekirite blayi tout bon nan peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024