Nan kad yon konferans pou laprès jounen mèkredi 12 mas 2025 lan, Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) fè konnen pwojektè l brake l sou bandi yo. Kidonk, li di lapolis la ap rive sou yo.
Pòt pawòl adjwen PNH la, Lionel Lazarre ki t ap pale nan mikwo laprès bay popilasyon an garanti pou mete espwa yo sou enstitisyon an. Puiske yo ap kontinye travay pou kenbe gang ak zam yo. Li deklare gen plan batay yo genyen yo paka revele l, di y ap jwenn rezilta paske gen anpil mezi yo pran pou sa.
«Sekirite se pa bagay ou ka pale nenpòt kijan, gen kèk estrateji ou genyen ou pa oblije vann yo pou ènmi an pa konnen kisa w genyen kòm plan», se sa Lionel Lazarre deklare pandan l soulinye, enstitisyon lapolis la gen nouvèl estrateji li mete kanpe pou fè fas ak reyalite ki gen la jounen jodi a.
Plan sa yo daprè sa l di, se yon fason pou ede popilasyon an retounen nan tout aktivite yo an sekirite. Se nan sans sa, li fè kwè PNH la paka ap vann sa l te ka genyen kòm plan. Mesye Lazarre pwofite anonse, tout chèn ki nan enstitisyon an ak gouvènman an epi Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an (KPT) ap travay nan tèt kole pou rezoud fenomèn ensekirite a.
«Lapolis ap travay, li gen estrateji li mete an plas pou konbat baz gang yo, sèlman n ap di gang yo limyè a sou yo, pwojektè a sou yo. Lapolis ap rive sou yo e l pap fè bak nan entèvansyon l ap fè nan dènye jou sa yo ni anlè, ni atè», se avètisman sa pòt pawòl adjwen an voye pou gang yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025