Plizyè vil nan peyi a souke kò yo jodi lendi 3 oktòb 2022, pou yon 6yèm semèn pwotestasyon kont pouvwa anplas la. Semenn sa pèp la rive sou minis Nesmy Manigat, pandan yo abiye avèk inifòm nan tout lari pou fè l konprann lekòl paka louvri nan sitiyasyon malouk nou ye la a.
Nan vil jakmèl plizyè milye moun te leve kanpe jounen jodi 3 oktòb la pou denonse minis edikasyon an ki selon yo menm ap viv nan yon lòt mond. Konsa tou, yo di grangou paka fè yo kite lari a, yo anonse yo p ap rete kouche lakay yo pou y ap gade sa k ap pase a konsa.
“Pa gen lekòl k ap louvri toutotan Ariel Henry pa kite pouvwa a” daprè sa moun Jakmèl deklare nan jounen manifestasyon ki te tanmen nan plizyè vil peyi a.
Nan yon lòtbò, pwofesè platfòm anseyan Sidès yo pa te neglije rele chalbare dèyè leta, devan biwo Direksyon Depatmantal Edikasyon Sidès(DDESE) la ki daprè sa yo di : «Yo dwe yo 2 mwa salè.» Yo te pwofite di yo pare pou yo ale travay, men ak kondisyon pou leta ta desann pri gaz la, anplis pou l disponib nan tout ponp yo.
Jan sa te anonse semèn pase a aprè 3 jounen grèv sendika chofè yo, moun Senmak yo pa te neglije fè mouvman pwotestasyon pa yo tou. Manifestan yo menase pouvwa anplas la pou fè machin leta pa sikile nan vil la, yo menm rive pi lwen pou di: «n ap mache pran Ariel kote l ye a epi n ap antre pran tout fonksyonè leta jan yo vle a menm jan yo antre pran nou lakay nou avèk lamizè a.» Nan bouch tout manifestan sa yo se te: «si Ariel pa ale pap genyen lekòl.»
Malgre anons Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) te fè nan jou ki te 26 dawout 2022 a, pou tout lekòl te relouvri pòt yo jounen 3 oktòb la, pa gen okenn kote nan peyi a desizyon sa te respekte. Se pito nan lari a tout manifestan te gen divès koulè inifòm sou yo avèk drapo nan men pou voye mesaj pinga a bay minis edikasyon nasyonal la.
Si n ap tande deklarasyon pwotestatè nan vil Gonayiv la, n ap rive konprann mouvman yo p ap kanpe toutotan premye minis, Ariel Henry pa kite pouvwa a daprè sa yo fè konnen.
Nan site endepandans lan, popilasyon an denonse kominote entènasyonal la ki kenbe Chèf gouvènman an, yo fè konprann ” Ariel se yon djòb li t ap fè pou kominote entènasyonal la” kidonk yo mande entènasyonal la pou vin pran doktè a paske viktwa a se pou pèp la li ye.
Depi plis pase 5 semèn, prèske tout vil nan peyi a deside kanpe rèd nan lari a. Revandikasyon yo pa chanje, kanpe goumen kont lavi chè, pri gaz la, ensekirite, demisyon chèf gouvènman an, mete sou li jounen jodi a koze” lekòl ti pa ti pa” ministè a ret koke nan gòj pèp la, sa ki lakoz yo pa gen lide rantre lakay yo ditou.
N ap raple pandan tan pwotestasyon sa yo, tout aktivite yo sitou ekonomik prèske paralize, mete sou sa pri galon gaz la ki varye pou yon zòn ak yon lòt, sa ki penmèt pèp la plonje pi fon nan kras ak lamizè a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2022