Yon jou aprè Asosiyasyon Pwofesyonèl Petwòl ak Enèji (APPE) te pale sou posiblite pou gen gwo rate gaz nan peyi a, divès sendikalis pa t deside rete silans fas ak gwo menas sa a. Nan reyaksyon yo, yo fè konprann se pito yon mannèv asosiyasyon an itilize puiske yo estime ensekirite yo pran kòm pretèks la se depi lontan l ap fè raj nan peyi a.
«Fòk mesyedam yo di popilasyon an sa ki pase tout bon an paske avan sa yo te toujou konn antann yo pou gaz la pase. E kondisyon sekiritè yo se leta ki dwe jere yo», se deklarasyon sa a sendikalis Jacques Anderson Desroches fè sou Radyo Televizyon Karayib (RTVC) jodi jedi 15 me 2025 lan.
Yon lòt kote, Changeux Méhu ki se prezidan Asosiyasyon Pwopriyetè ak Chofè Ayiti yo (APCH) li menm tou lonje dwèt sou leta a ki pa pran responsabilite l pou tabli sekirite an Ayiti yon fason pou gaz la ta sikile nòmal. Nan menm sans sa, 2 sendikalis sa yo mansyone nesesite ki genyen pou gaz la ta desann paske yo fè konprann sou mache entènasyonal la depi kèk jou pri a desann.
N ap fè konnen, reyaksyon sa yo vini aprè Asosiyasyon Pwofesyonèl Petwòl ak Enèji (APPE) te alète chèf gouvènman an, Alix Didier Fils-Aimé nan yon korespondans jou ki te lendi 12 me 2025 lan sou menas ki genyen pou sektè a ta kontinye aktivite l yo.
«Nou oblije alète sou danje ki genyen pou sektè petwòl la ta sispann fonksyone, paske konsekans yo pral tonbe sou ekonomi peyi a», daprè sa prezidan asosiyasyon an, Randolph Rameau, ekri nan korespondans sa a. Se pou sa, yo avèti tout moun pou di : «Si otorite piblik yo pa aji vit e pran bon desizyon sektè a ka paka kontinye aktivite li yo nan pa lontan».
Pou fini, anplis entèvansyon rapid yo soulinye enpòtans pou 2 pati yo rankontre san pèdi tan pou kapab diskite sou solisyon yo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025