Plizyè polisye sòti blese nan yon atak bandi ak zam fè jodi mèkredi premye novanm 2023 a, sou abitan Maryani yo. Pou kounya, selon yon sous nou ka fè konfyans gen gwo operasyon ki tanmen bò kote polisye yo pou fè fas kare ak endividi ame sa yo ki vle pran kontwòl zòn nan.
“Gen operasyon Maryani, men pandantan sa polisye ap pran bal”, se sa sous nou an konfye nou san plis detay. Yon lòt kote, enfòmasyon yo ta fè kwè se gwoup nèg Gran ravin yo ki ta dèyè zak sila kote plizyè polisye gentan blese tandiske ta gen kèk sivil tou ki ta rive viktim.
Pou kounya, okenn enfòmasyon pa disponib pou ta konnen konbyen moun ki viktim. Men, popilasyon an pa kache enkyetid li fas ak sitiyasyon sila.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2023