Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) nan tèt kole ak Fon Nasyon Edikasyon (FNE) bay samdi ki te 24 me 2025 lan plizyè dizèn paran chèk pou ede fanmi yo. Seremoni sa a te fèt nan lokal ministè a nan kad pwogram apui pou lekòl ak fanmi yo.
Nan jounen sa a, minis edikasyon an, Antoine Augustin ak direktris jeneral FNE a, Sterline Civil te fè konprann jan pwogram sa ap ede paran yo. Sitou yo te soulinye kontèks kote moun sa yo te oblije kouri kite lakay yo pou bandi.
Si deja gen yon gwoup paran ki rive jwenn chèk pa yo, responsab yo pwomèt sila ki poko jwenn yo FNE pap pran tan pou fè sa. Se menm jan an tou, paran ki te prezan nan lokal ministè a samdi pase a, pa t kache pou te eksprime kontantman yo pou demach sa a.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025