Sòti nan lannuit lendi 24 fevriye a pou louvri madi 25 lan, plizyè zòn nan peyi an konnen yon move moman akoz atak gang ak zam nan kowalisyon kriminèl Viv ansanm nan.
Gang ak zam yo ki atake Dèlma 30 ak Taba nan prèske menm moman an, touye plizyè moun nan popilasyon sivil la. Nan plizyè videyo ki disponib sou rezo sosyàl yo, nou ka wè kò divès jèn fanm kou jèn gason k ap benyen nan san yo nan Taba 27.
Ka Dèlma 30 lan pa twò diferan ak pa Taba a puiske popilasyon zòn sa kouri pou vyolans gang yo e plizyè moun deja pèdi lavi yo nan menm atak sa. Youn ladan yo, se nan yon bourèt fanmi l oblije pote kò a. Manman viktim nan pa t ka kenbe dlo nan je li pandan li t ap poze kesyon pou mande kisa yo fè yo ap peye.
«Nou pa manje pwa pou n ap rann pwa, se Kwabosal mwen konn al pote, kou m anfle nan pote bout sa», se kri sa madanm nan te pouse pou te eksprime doulè l.
Yon lòt sitwayen ki rele Samuel Delcy pèdi papa l nan menm sikonstans. Li eksplike lapèn li pou sa k pase a : «Bandi yo antre yo touye l aprè yo boule l ak tout yon depo», se deklarasyon sa pitit viktim nan fè nan mikwo laprès. Nan detay li bay, li fè kwè aksyon sa pase toujou nan Dèlma 30, li fè konnen tout nan lè 2è nan maten yo te nan lari e yo te gen toutè nan mitan yo alòske yo pa t janm rann yo kont. Li soulinye tou se nan lè 4è nan maten gang yo te kòmanse poze aksyon malonèt sa yo.
Pandan kantite sòlda ki fè pati fòs miltinasyonal la ap ogmante, bandi ak zam yo menm kontinye ap teworize manm nan popilasyon an. Se yon sitiyasyon ki parèt pi difisil chak jou akoz plizyè zòn ki anba gwo menas gwoup gang yo.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025