Plizyè moun rive pèdi lavi yo jodi samdi 18 janvye 2025 lan, aprè yon atak gwoup gang Kokorat san ras fè nan lokalite Kanpèch ki twouve li Gwomòn. Nan menm atak sa, plizyè lòt manm nan popilasyon an te rive blese tou.
Menmsi poko gen yon bon bilan sou zak sa a, plizyè videyo montre gen pou pi piti 6 moun ki ap benyen nan san yo. Nan sans sa, divès abitan nan zòn sa te lanse SOS pou lapolis aprè gwo kout bal ki pa t sispann chante nan vil sa a.
Fòk nou di, selon plizyè medya lokal, lapolis te rive repouse bandi ak zam yo. Malgre depi avan sa te gentan gen viktim nan kan popilasyon an.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025