Byen bonè maten lendi 24 mas 2025 lan, bandi ak zam fè yon fiziyad nan Dèlma 19. Yon aksyon ki lakoz yon chofè rann dènye souf li Dèlma 31, mete sou plizyè lòt moun ki sòti blese.
Anviwon 9 mwa aprè prezans Fòs Miltinasyonal la nan peyi a pou ede Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) konbat ensekirite a, bandi ak zam kontinye ap montre puisans yo. Maten lendi 24 mas la, gang sa yo tire kout zam sou 2 kamyonèt ant Dèlma 19 ak 31 tou prè lokal Mosaïques Gardère a, daprè enfòmasyon Alter Presse pataje.
Anplis viktim sa yo bandi ak zam yo fè nan nivo Dèlma 19 ak 31 an, plizyè nan yo pa t ezite an menm tan an tire kout zam sou kèk manm nan popilasyon an nan Dèlma 25 ak 27. Moun sa yo, selon presizyon Alter Presse te a pye e gen nan yo ki te rive chape poul yo.
Selon Radyo Televizyon Karayib (RTVC), se anviwon 20 blese ak bal ki twouve yo nan lopital Lapè ki chita kò li nan Dèlma 33. Yon sitiyasyon ki ta lakoz gwo ijans pou sove lavi moun sa yo.
Atak sa yo lakoz aktivite komès yo prèske paralize, sitou plizyè lekòl te deja fèmen pòt yo akoz vyolans gang yo. Fòk nou di, se depi semèn pase a, divès enstitisyon eskolè, pwofesyonèl ak Fakilte nan leta a te pran dezisyon pou fèmen pòt yo nan Kapital la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025