Aprè denyè atak bandi fè sou vil Mibalè, nan Pòtoprens plizyè milye moun pran lari jodi mèkredi 2 avril 2025 lan pou manifeste kont ensekirite a. Kanapevè, Petyonvil, Dèlma se pami zòn ki mobilize pou voye mesaj bay otorite yo nan Vila Akèy la.
«Nou bezwen pou sa chanje se sa ki fè nou mete kò nou deyò. Nou vle pou otorite yo pran responsablite yo pou trete n tankou moun», se deklarasyon youn nan manifestan yo nan Petyonvil.
Branch bwa nan men, rad nwa se konsa pwotestatè yo al defann enterè popilasyon an. Gen yon pati ki sòti Kanapevè, yon lòt Dèlma epi dives lòt nan Petyonvil.
Devan Vila Akèy, gwo dispozitif sekirite pran kote anpil polisye an pozisyon pou pwoteje batiman sa a. Malgre sa, divès pwotestatè ki te deja rive te eseye fè ajan yo konprann yo gen tout dwa yo pou yo kanpe di non ak move sitiyasyon sekiritè sa a y ap viv la. Men, sa pa t anpeche lapolis te itilize gaz lakrimojèn pou te kraze mouvman gwoup sa.
Menmsi gen plizyè branch nan manifestasyon an, lapolis pa janm neglije kraze chak gwoup ki rive devan Vila Akèy la.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025