Plizyè migran ayisyen nan vil Santiago de los Caballeros deside kite Repiblik Dominikèn aprè otorite yo kòmanse arete epi voye tounen Ayiti Ayisyen san papye yo. Moun sa yo pran desizyon sa yon fason pou anpeche imigrasyon dominiken ak militè maltrete yo epi pouse do yo nan move kondisyon.
Daprè Listin Diario, Ayisyen sa yo pran afè yo epi chwazi tounen an Ayiti ak pwòp volonte yo. Resòtisan yo travèse fwontyè a rive jis Wanament.
Pi lwen, jounal dominiken an fè konnen yon responsab nan Wanament, ki pa t vle non l site, di l swete gouvènman dominiken an bay yon delè pou plis Ayisyen kontinye pran desizyon kite peyi yo a.
Fas ak pil depòtasyon otorite yo nan Sendomeng ap fè dènye jou sa yo, evèk dyosèz Mao-Monte Cristi a, Diómedes Espinal de Léon mande pou operasyon yo fèt nan respè ak diyite moun. «Si yo pa gen papye gouvènman an dwe aji pou l defann patri a, sèlman li dwe pou respekte diyite moun», se sa evèk dominiken an deklare.
N ap soulinye, Sendomeng deja voye vini nan peyi a 7 127 Ayisyen nan sèlman 4 jou.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2024