Plizyè enstitisyon eskolè pran desizyon dènye jou sa yo pou kanpe travay akoz zak vyolans yo ki kontinye ap ogmante nan kapital peyi a. Aktivite eskolè yo vin parèt pi konplike chak jou puiske kout bal pa sispann chante. Se poutèt sa, Saint Louis de Gonzague ak Collège Roger Anglade anonse yo kanpe travay depi jodi madi 18 mas 2025 lan.
«Pou atansyon elèv, pwofesè, paran ak manm pèsonèl administratif ak sèvis yo. Direksyon Enstitisyon Saint Louis de Gonzague fè nou konnen li sispann kou ak lòt aktivite yo apati madi 18 madi 2025 lan», se sa nou li nan nòt sa responsab yo nan Saint Louis de Gonzague pibliye a.
Menm jan an, direksyon Collège Roger Anglade di li kanpe aktivite eskolè li yo depi jodi madi a. Li ankouraje moun yo rete vijilan ak pran tout prekosyon nesesè yo.
«N ap reprann aktivite nòmal yo lè sa posib e n ap kenbe nou enfòme sou tout sa k ap fèt», se sa responsab Collège Roger Anglade yo di.
N ap soulinye, Fakilte Syans Moun (FASCH) ansanm ak Enstiti Nasyonal Administrasyon Jesyon ak Etid Entènasyonal Avanse yo (INAGHEI) te deja fèmen pòt yo akoz fenomèn ensekirite a.
© Tous droits réservés – Groupe Média MAGHAITI 2025