Nan yon konferans pou laprès li bay jedi 7 mas 2025 lan, delege depatmantal Sant lan, Frédéric Occéan denonse direktè dwàn Beladè a, Ronald Nocia ki lakoz plizyè konntenè ta disparèt anndan dwàn nan. Selon presizyon li bay, konntenè ki disparèt yo gen gwo dout sou yo, puiske Direksyon jeneral polis la te lanse alèt pou fè konprann machin sa yo ta gen zam ak bal ladan yo.
«Nou te gen yon ansanm alèt sou plizyè konntenè Direksyon Jeneral Polis Jidisyè a te lanse. Direktè Depatmantal Polis la fè tout sa ki posib pou te al nan espas la, li te pale ak direktè a pou konntenè yo pa sòti san yo pa gen yon enspeksyon ansanm ak yon verifikasyon ki fèt sou yo». Men, delege a kontinye pou l di : «Nou te sezi wè jodi a nou tounen pou n al enspekte konntenè sa yo e direktè dwàn nan ak konplis li yo disparèt li».
Pandantan sa, degele depatman Sant lan pa t pèdi tan pou te rankontre ak laprès yon fason pou pale sou dosye machandiz sa yo ki disparèt nan dwàn nan. Li fè konnen yo te pran desizyon sa se aprè yo te jwenn enfòmasyon sou plizyè konntenè ki te genyen zam ak bal ladan yo. Sa ki fè, li menm, vis delege Lakawobas la, ak direktè depatmantal polis la, Delain Boyer te rann yo nan dwàn nan yon fason pou t al verifye.
Depi aprè zak denonsiyasyon sa a, delege a Frédéric Occéan fè kwè l ap resevwa anpil menas e menm jwenn lajan pou ta kache fèy kouvri dosye a.
«Yo ofri m 250 mil goud pou m fè bak sou deklarasyon m yo epi m pral gen yon pewòl nan dwàn nan chak mwa y ap ban mwen 250 mil goud», se sa li deklare. Li soulinye lapolis te menm arete endividi ki te vin ofri li lajan an. Daprè sa li di, sitwayen sa idantifye kòm chofè direktè dwàn nan e li mansyone endividi a konfime se nan pyèj menm li te vin pran li.
«Gen entèvansyon delegasyon an ak lapolis pral fè nan Beladè. E tout fason fòk nou jwenn konntenè sa yo paske bandi fè san nou koule twòp», se sa li te anonse.
Men fòk nou di, direktè dwàn nan, Ronald Nocia atravè Administrasyon Dwàn nan (AGD) demanti enfòmasyon nan yon nòt li te sòti ayè samdi 8 mas 2025 lan. Selon li menm tout deklarasyon delege a se manti. Se pou sa, li pwofite anonse li pral trennen mesye Frédéric lajistis pou manti l ap fè sou li. Sitou sou kesyon li ta voye achte l ak 250 mil goud la.
«Direktè dwàn nan demanti tout pawòl sa yo k ap twonpe moun nan», se sa direktè ladwàn Beladè a ekri nan nòt sa a. Pi lwen, li di konsa se pa premye fwa l ap fè fas ak pwoblèm sa yo anpil politisyen ak kontrebandye toujou ap mete sou wout li nan pwòp enterè yo. Li soulinye gen nan moun sa yo ki kraze kloti dwàn nan epi kaze chèn gwo baryè a nan lannuit, yon fason pou pa peye okenn bòdwo.
Atik sa se pwopriyete prive ©️ Gwoup Medya MAGHAITI 2025