Jounen jedi 20 fevriye 2025 lan, divès katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan leve anba gwo tansyon. Sitiyasyon sa a devlope akoz abitan nan kèk kote tankou Boudon, Kriswa, Lali ak moun Solino yo tanmen yon mouvman pwotestasyon kont vyolans ki gen nan peyi a.
Pou eksprime kòlè yo fas ak fenomèn ensekirite a k ap valè teren chak jou pi plis nan peyi a, moun k ap viv nan zòn sa yo fè yon mouvman leve kanpe jodi a. Depi byen bonè maten an, anpil kawoutyou te gentan ap boule epi plizyè kote gen barikad ladan yo. Sa ki lakoz jodi a plizyè lekòl oblije rete fèmen nan kapital la.
Nan menm mouvman sa, te genyen tou kèk deplase zòn Solino. N ap soulinye, menm yo menm nan t ap egzije leta ba yo sekirite pou yo tounen lakay yo semèn pase a. Jodi a ankò yo pile beton an pou yo kontinye mande otorite yo kreye mwayen nesesè san pèdi tan pou yo kapab retounen nan zòn yo.
Fòk nou di, mouvman sa yo vini aprè plizyè katye tankou Pako, Kafoufèy ak Nazon te dòmi anba gwo kout bal bandi mèkredi 19 fevriye 2025 lan.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025