Nan yon kominike yo pibliye jodi lendi 17 mas 2025 lan, Medsen San Fwontyè (MSF) fè konnen yo viktim nan atak gang te fè sou yo samdi 15 mas pase a nan zòn Tijo. Nan atak sa a, yo anonse yo gen plizyè chofè ki blese pandan yo gen 4 machin ki resevwa bal.
«Pandan nou t ap retire kò nou nan espas la, gen 4 machin MSF ki pran bal. Gen chofè ki blese, men yo pa grav», daprè sa responsab yo ekri nan kominike sa a.
Se sa ki fè, yo fè konprann depi aprè zak vyolans sa a yo te pran desizyon pou kanpe aktivite li yo nan sant ijans Tijo a.
«Li pa posib pou y ap atake sila ki ap riske vi yo pou bay popilasyon an laswenyay», daprè deklarasyon chèf misyon òganizasyon sa a, Benoît Vasseur. Li soulinye tou, atak sa raple yo vyolans la pa epanye pèsonn.
N ap soulinye, Medsen San Fwontyè (MSF) te sispann tout aktivite li yo nan Pòtoprens ak zòn sou kote li yo jou ki te madi 19 novanm 2024 la. Desizyon sa te pran pa rapò ak divès atak epi menas ekip yo te sibi anba men lapolis.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025