Aprè atak gang yo sou plizyè katye tankou Dèlma 30, 17, 19, Lali ak Ravin Pentad Polis Nasyonal Ayiti a (PNH) bay yon repons ak gang yo. Jounen samdi premye mas 2025 lan, premye minis Alix Didier Fils-Aimé anonse lapolis ap mennen yon gwo operasyon nan Ba Dèlma nan baz chèf gang Babekyou.
Operasyon sa fèt 48è aprè gouvènman l ap dirije a mete sou pye yon Task Fòs. San bay okenn chif chèf gouvènman ayisyen an deklare plizyè bandi deja bwè dlo bouch yo nan repons fòs lòd yo ap bay la.
«Leta pap bay vag. Pèp ayisyen, kenbe espwa, gouvènman an kanpe bò kote nou nan moman difisil sa yo. Viktwa kont gang yo ap mache. Ayiti pral reprann desten li», se sa nou li sou kont ofisyèl chèf laprimati a.
Pandantan sa, premye minis lan fè konnen l ap vrèman mobilize. Li soulinye li menm dekrete lapèmanans.
N ap raple, sòti madi 25 pou rive vandredi 28 fevriye 2025 lan, gang yo atake plizyè zòn nan menm moman. Sa ki fè anpil fanmi oblije kouri kite kay yo. Se ka pou moun Dèlma 30, Dèlma 19, 17 ki al pran refij yo sou plas piblik malgre lapli pa sispann tonbe sou peyi a.
Atik sa se pwopriyete prive © Gwoup Medya MAGHAITI 2025